ASO NÒT KONJONKTI JEN 2025
Ayiti ap viv jounen jodi a yon sitiyasyon ki mete nou aleprèv nan tout sans, nan longè angajman sètèn nan nou, nan koyerans sèten lèzòt, nan kapasite analiz nou, nan kalite repons nou kapab pote oswa pwopoze elatriye. Depi plis pase katòz mwa Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) ap mennen bak Leta, Altènativ Sosyalis konstate kijan degrenngolad peyi a, ap trennen nou chak jou pi plis nan yon twou ki pi fon chak jou.
Kriz k ap frape peyi d’Ayiti pa sèlman politik, non sèlman se kriz sistèm politk la men tou li konsène tout aspè nan vi nasyonal la. Kriz sa pa fèk kòmanse men li vin pran, nan jou sa yo, yon dimansyon siperyè.
Malerezman gen yon seri aktè ki pran tranzisyon an kòm objektif prensipal yo pou dechèpiye Leta epitou anrichi patrimwann pèsonèl yo. Gen lòt aktè nan oligachi a ansanm avèk alye yo nan klas politik tradisyonèl yo tou ki pwofite pou ranfòse pozisyon privilèj yo. Non sèlman Altènativ Sosyalis pa gen mòd pratik sa yo men tou li anfas moun sa yo pou denonse yo epitou pou konbat yo ak tout fòs li. Enkonpetans, ezitasyon, divizyon nan mitan KPT a non sèlman paralize tout aktivite nan pi wo nivo Leta men tou li agrave kondisyon lavi sitwayen ak sitwayèn yo. Kidonk se nòmal pou anpil vwa leve kanpe pou mande depa KPT a.
Pami vwa sa yo gen sitwayen ki bouke ak endiferans oswa enpisans pouvwa devan gang yo. Gen sitwayen onèt ki bouke tande gaspiyaj ak koripsyon k ap gangrennen Leta. Gen militan politik ki pa konprann sa KPT fè ak rèv pwogresis tranzisyon an te dwe satisfè yo. Pou tout moun sa yo oswa pou tout sektè sa yo Altènativ Sosyalis pare pou pote kole avèk yo pou mete sou pye yon altènativ ki ta dwe debouche sou yon lòt opòtinite pou peyi a.
Tout chanjman konjonkti vle di genyen yon deplasman nan relasyon fòs yo akoutèm. Si nou di sa yon lòt jan pi senp, se mòd ekspresyon batay ant divès aktè oswa gwoup nan yon sosyete espesifik nan yon moman done. Pozisyon yon aktè oswa yon gwoup sou konjonkti a se pozisyon li pa rapò a deplasman ki fèt nan relasyon fòs yo.
Pozisyon Altènativ Sosyalis nan tranzisyon sa klè kou dlo kòk, se pwofite deplasman ki genyen nan relasyon fòs yo pou:
- Akimile fòs epi ranfòse kapasite li ak prezans li nan mas yo;
- Etabli yon gwo alyans nan mitan fòs pwogresis yo;
- Kontinye travay pou kase ejemoni oligachi a nan tèt Leta;
- Afwonte eleksyon ki gen pou vini yo nan yon pozisyon fòs nan kad yon alyans pwogresis.
Nou te di pi wo a, pami vwa ki leve kanpe yo gen sitwayen ki bouke ak endiferans pouvwa devan gang yo, gen lòt ki bouke tande koripsyon k ap gangrennen Leta, genyen tou militan politik ki revolte anfas trayizon KPT a fè ak rèv pwogresis tranzisyon a. Sepandan genyen pami vwa sa yo tou Senatè, Direktè/Direktris Jeneral nan ansyen rejim kowonpi ki te sou pouvwa depi 2011 epi tou ki te komèt pi gwo krim finansye nan tou istwa peyi d’Ayiti. Moun sa yo ta dwe di « Viv KPT » a paske se li ki remete yo sou moun. Malerezman tou gen yon seri lòt sitwayen ki sètènman gen bòn volonte epi ki gen respè popilasyon an. Sepandan akòz avègleman endividyalis yo, yo pa gen kapasite oswa yo pa gen volonte pou depase orizon KPT an Se byen domaj.
Long istwa siksesyon pouvwa oligachik ak retwograd nan peyi a fè Ayiti tounen peyi ki pi inégal nan kontinan ki pi inegal sou planète la. Ajoute sou sa, 40 lane resèt kapitalis liberalize yo ann Ayiti, mennen peyi a nan yon bann pratik «lese grennen » kote, non sèlman Leta pa patisipe nan ekonomi a, kit se pou regle aktivite yo pou kreye travay, kit se pou redistribye richès men tou li pa menm ka fè travay regalyen ki pi senp yo. Sitiyasyon kawotik peyi a ap konnen jounen jodi a, mete òganizasyon pwogresis yo devan obligasyon pou yo chèche, jwenn, konstwi epi pwopoze yon pwojè politik ki pou kanpe anfas kowalisyon oligachik yo. Se konsa na va kapab kòlte ak kokenn chenn dèt sosyal ki akimile pandan plis pase 70 lane nan peyi a.
Altènativ Sosyalis pa gen ankenn repons dogmatik men li p ap chanje konba, li p ap detounen li sou wout li epi li p ap twonpe li advèsè. Batay la se konstwi yon Leta Sosyal, pou goumen kont tout fòm inegalite, wout la se Linyon Fòs Pwogresis yo, advèsè yo se gwoup oligachik yo ak sipò entènasyonal la ki vle kenbe « Statu quo » a.
Pou Altènativ Sosyalis
Dr Jean Hénold Buteau
Pòt Pawòl
