- Moun sa yo, woyooo
- Yo toujou gen misyon
- Ki pa janm fin jere misyon
- Lè se pa CARICOM Se MINUHA
- Lè se pa MINUHA se MINUSTAH
- Lè se pa MINUSTAH se MINIJUSTH
- Moun sa yo woyowoyowoyo
- Yo gen 2 demokrasi men sa depan sa dil la di
- Yo ka mete preyidan yo ka wete preyidan
- Yo di se pèp ki vote men se yo k pral deside
- Manman mweeey
- Nan zafè CIRH la manman yo ban nou mato
- Aprè tranblemann tè a yo ban nou mato
- Zafè siklòn Mathew a yo ban nou mato
- Men jou n ankòlè joun ankòlè o jou n ankòlè
- Na vomi san nou ba yo
- Men jou n ankòlè joun ankòlè o jou n ankòlè
- Y a wè longè nou
- Mato, JeanJean Rousevelt
I-Ganngsterizasyon, chwal batay sistèm kapitalis la kont pwojè libète byennèt la
Depi anviwon 6 lane, sosyete ayisyèn nan ap viv yon fenomèn san parèy : gwoup milis ap donnen tankou djondjon tout kote. Sitou nan 2 pi gwo depatman peyi a nan nivo sipèfisi ak demografi : depatman Lwès ak depatman Latibonit[1]. Daprè diferan rapò plizyè òganizasyon pibliye, gwoup sa yo pran yon vitès san parèy depi ane 2018[2] yo. Ki vle di depi èvènman 6, 7, 8 jiyè 2018[3] yo epi depi lè Arnel Joseph[4], youn nan chèf ganng ki te trè puisan nan moman an, te tabli baz li Village de Dieu, yon katye popilè nan zòn Sid Pòtoprens lan.
Gen plizyè fason gwoup ganng sa yo opere nan soyete a. Kèk fwa se kidnapin yo fè, kèk lòt fwa se ransone yo ransone sou tout wout prensipal yo nan tabli pòs peyaj nan diferan aks prensipal yo, kèk lòt fwa ankò nou jwenn se boule kay fè popilasyon an kite katye popilè yo, pou nou site sa yo sèlman. Òganizasyon k ap travay nan sektè dwa moun yo tankou lòt estrikti pa sispann atire atansyon sou diferan pwen nou sot site la yo. Nan yon rapò li pibliye soti sou mwa jiyè rive nan mwa septanb 2024[5] la, Bureau Intégré des Nations Unies en Haiti (BINUH) fè konnen genyen 170 ka kidnapin yo anrejistre sou depatman Lwès, Latibonit, Sant ak nan Nò; genyen 55 ka vyòl tou ki fèt sou fanm ak tifi; genyen 59 timoun k ap sibi yo menm yon vyolans konplèks. Kategori sa ap viktim anmenmtan agresyon fizik, sasinay, vyolans seksyèl san konte yo itilize yo tankou enfant-soldat. Pou sa ki gen pou wè ak moun ganng fòse kite lakay yo, BINUH rapòte pawòl Organisation Internationale pour les Migrations (OIM) ki fè konnen genyen plis pase 700 000 moun ki deplase nan peyi a sèlman pou mwa septanm 2024 lan. Pou byen materyèl menm, genyen 450 kay ak 25 batiman piblik ganng yo kraze nan kapital la ak nan Latibonit ant mwa jiyè ak septanm lan.[6]
Miltiplikasyon ganng yo ak divès aksyon y ap poze ki se ekspresyon vyolasyon flagran dwa moun nan peyi a, pa kite aktè lokal ak aktè entènasyonal yo endiferan. Nan nivo entènasyonal, fas ak fewosite òganizasyon kriminèl sa yo epi latwoublay yo lage nan sosyete a, dosye a fè anpil pale anpil. Men se nan yon konsèy minis 5 oktòb 2022 a Ariel Henry te fè pwopozisyon pou mande kominote entènasyonal la yon asistans militè pou fè fas ak atak ganng yo epi mete yon fren ak sitiyasyon imanitè a ki pa janm sispann degrade nan peyi a. Depi lè sa dosye a kòmanse evolye jiskaske nan 52è somè Òganizasyon Eta Ameriken yo, minis afè etranjè a, M. Jean Victor Généus pral mete l sou tab diskisyon yo. Nan dat 14 avril 2023, pandan li t ap prezante yon rapò bay Konsèy Sekirite a sou Ayiti, Antonio Guteres, sekretè jeneral Nasyonzini an te pwofite pale sou nesesite yon fòs miltinasyonal nan peyi a pandan li t ap fè yon etadèlye sitiyasyon vyolans ganng yo. Nan randevou 26 avril pou diskite rapò sa, Jean Victor Généus te renouvle demand gouvènman an pou apiye entèvansyon fòs miltinasyonal la. Se nan dat 2 oktòb 2023 apre pakèt lòbi gouvènman meriken an pou yon fòs onizyèn, Nasyonzini ta pral finalman dakò pou deplwaye fòs miltinasyonal la sou lidèchip peyi Kenya.
Si desizyon an te pran fòmèlman 2 oktòb la, men konkrètman fòs la te toujou pat janm ka ateri. Kowalisyon Viv Ansanm nan ak lòt aktè politik tankou Claude Joseph[7] ak Guy Philippe[8] mele avèk Brigade de Surveillance des Aires Protégées (BSAP) ta pral kreye yon sitiyasyon pwopis pou aterisaj la apre yo te fin mete nan kanpe lwen premye minis Ariel Henry jou ki te 17 oktòb 2024 la. Mobilizasyon sa yo ta pral kontinye jiskaske premye minis la demisyone pou bay yon lòt tranzisyon ak yon konsèy prezidansyèl ki genyen 9 manm. CARICOM ki se veritab atizan KPT a, ta pral fè manb konsèy prezidansyèl yo egzijans pou aksepte vini fòs miltinasyonal la kòm kondisyon san negosyasyon pou yo elijib pou fè pati konsèy la. Nan nimewo ki pibliye nan jounal ofisyèl Le moniteur nan dat vandredi 12 avril 2024 nan atik 2 a li fè konnen « Outre les conditions prescrites par l’article 135 de la Constitution, nul ne peut faire partie du Conseil Présidentiel de Transition : […] s’il s’oppose à la Résolution 2699/2023 du Conseil de Sécurité des Nations-Unies autorisant le déploiement de la Mission Multinationale d’Appui à la Sécurité »[9]. Se konsa, jou ki te 25 jwen 2024 la, yon premye gwoup 400 sòlda debake nan aryopò Toussaint Louverture. Anviwon yon mwa aprè, yon dezyèm gwoup 200 debake[10].
Kanpay pou jistifye entèvansyon an pat piti ditou. Jean-Marie Théodat, entèlektyèl, jewograf « respekte », ansyen rektè Inivèsite Limonade te pale sou dout ki genyen sou entèvansyon fòs entranjè yo nan peyi a pandan li pat ezite deklare vini fòs Kenyan yo se yon soulajman pou popilasyon an. Kidonk anba anba entèlektyèl la bat bravo lakontantman pou fòs lokipasyon an[11]. Sou bò pa l, Joe Biden, prezidan meriken an te di « Cette mission aidera la police nationale d’Haiti (PNH) à intensifier ses opérations antigangs, à renforcer sa capacité à maintenir la sécurité publique et à veiller à ce que l’aide humanitaire parvienne à ceux qui en ont besoin. »[12] Pi lwen li ajoute « Nous avons donc travaillé avec le Kenya et d’autres partenaires pour intégrer des mesures de responsabilisation et de contrôle d’une extrème importance à la mission. »[13] Premye minis ayisyen an nan moman an, M. Gary Conille te deklare « L’arrivée du premier contingent de la MMAS marque le début d’une nouvelle ère pou Haiti. » [14] Pou chèf primati a, gras ak fòs sa li ta pral pran kontwòl « teritwa pèdi » yo kay apre kay, katye apre katye, vil apre vil. Poutan reyalite a pote gwo dout sou efikasite vini kenyan yo ak lide ki te fè kwè yo ta pral pote soulajman ak evolisyon kriminalite a. Paske depi lè sa, operasyon ganng yo pa janm kanpe. Okontrè se ranfòse yo ranfòse. Nan kòmansman mwa oktòb la, ganng ame ki nan zòn Lyankou anvayi Ponsonde epi touye plis pase 90 moun ak blese plis pase 200 lòt. San konte dega materyèl tankou kay ki boule ak moun ki oblije kouri kite lakay yo[15]. Nan mwa novanm lan li menm, kowalisyon Viv Ansanm sou lidèchip Jimmy Chérisier alyas Babekyou, fè yon pote boure sou popilasyon zòn Solino, Fò Nasyonal, Nazon, Delma 24 pou rive Kriswa. Sa ki lakoz anpil moun pèdi lavi ak yon kantite deplase. Yon semèn apre, pi presizeman madi 19 novanb nan, menm gwoup sa yo te vle anvayi kèk zòn tankou Kanapevè, wo Delma ak Petyonvil. Se gras ak vijilans abitan yo mele ak polisye katye ki rive mete estòp. Tout sa yo rive, n ap raple l yon lòt fwa, anba je fòs Kenyan yo ki gen misyon retabli sekirite anndan peyi a.
Nou dwe di tou, anvan fòs Kenyan yo te vini, enstitisyon lapolis la pat janm rete bra kwaze. Genyen plizyè inisyativ ki te pran pou mete fren ak ofansif gwoup kriminèl yo. Men ankenn nan yo pat janm pote siksè. Pou n pa di yo tout te echwe. Youn nan premye echèk enstitisyon an te pran se operasyon Village de Dieu a nan dat 12 mas 2021 kote 5 polisye SWAT te pèdi lavi yo. Men anvan sa nan desanm 2020 an, sou premye minis Jouthe Joseph, lapolis la te deja mennnen yon premye operasyon sou lòd direktè jeneral Léon Charles nan menm espas sa. Yon operasyon Pierre Espérance ki se direktè ekzekitif Réseau National de Défense des droits Humains (RNDDH) te kalifye « show médiatique et d’opération cosmétique » tèlman li te san ankenn rezilta konkrè. Menm bilan enstitisyon lapolis la pat kapab bay daprè defansè dwa moun nan.[16] 2 operasyon ki pi resan yo se operasyon nan mwa mas 2024 la ki te fèt nan zòn ba Delma nan fyèf Babekyou. Chèf ganng nan pral replike avèk yon fewosite san parèy : se apre operasyon sa li pral atake Solino ak lòt zòn anviwonan yo epi li pral tante anvayi Tijo ak Kanapevè. Nan finisman mwa novanm nan ankò gen yon lòt operasyon ki, daprè enfòmasyon k ap sikile, rive jis nan baz chèf ba Dèlma a. Chèf la ta deplase epi al pran refij Kanaran. Pandan tan sa, sòlda li yo kontinye ap atake moun sou zòn Nazon, Kriswa, Fò Nasyonal. Yo fenk mete dife Pòs Machan. Kisa operasyon lapolis la te pote anvrè ? Kisa ki pèmèt Babekyou deplase fasil konsa ?
Ansanm konsiderasyon sa yo se pou nou di, malgre jan sa t ap seye konstwi nan lopinyon piblik ki ta vle fè kwè fòs miltinasyonal la ta ka kòm sèl altènativ kont ganng yo, reyalite a se kontrè a li montre. Sòlda Kenyan yo pa janm manifeste volonte pou yo estopte bandi yo. Bò kote pa li, lapolis pa janm montre tou li kapab vrèman fè fas kare ak yo toutbon. Okontrè plizyè operasyon enstitisyon an mennen se pito sou echèk li fini. Lè enstitisyon lapolis la resi fè yon kou, kriminèl yo miltipliye zak yo avèk plis fewosite epi montre y ap vin plis puisan chak jou , y ap pran plis teritwa mete sou sa ki te gentan pèdi yo, pou nou repete yon ansyen minis; yo fè plis masak; yo fè plis malere kouri kite lakay yo ; plis komisarya kraze ; yo se sèl kòk chante sou gran aks wout ki debouche sou kapital la. Y ap kontwole, y ap ransone pasaje.
Sitiyasyon sa yo fè nou poze kesyon sila a : poukisa fòs lòd yo, kit ame, lapolis oubyen fòs miltinasyonal la, malgre pil refleksyon, angajman ak lòbi ki fèt dèyè yo, poko janm ka pote yon solisyon kont pwoblèm ensekirite a ? Kesyon sa voye n tonbe nan yon lòt kesyon: poukisa se sèl mouvman otodefans yo (ki fèt pandan 2 moman : avril 2023 suit ak atak ki te fèt sou zòn Debisi ak kanapevè a, epi novanm sa pi presizeman 19 novanm 2024 la) sou inisyativ mas popilè yo, ki jiskounya rive mete yon estòp nan atak gwoup kriminèl yo ? N ap raple gen anpil zòn nan peyi a ki nan menm dinamik rezistans sa, nou ka site Akayè, kèk espas nan Latibonit la, Sodo, elt. Genyen nan yo malerezman ki pèdi lafas pandan prèske 2 lane batay tout pandan yo patjanm sispann mande konkou ak mwayen Leta santral.
Alòs, pou nou rive gade preyokipasyon sa, nou konstui atik la an twa pati. Nan premye pati a nou seye gade kontèks emèjans ganng yo nan peyi a. Sa ap pèmèt nou konprann relasyon ki egziste ant ganngsterizasyon an ak monte revandikasyon mas popilè yo. Dezyèm nan se wòl ganng yo nan devlopman trafik ilisit nan peyi a, ki se yon nouvo mwayen pou chita pwosesis akimilasyon an. Nan pati sa tou nou pote lide genyen sistematizasyon yon nouvo modèl ekonomi ki se yon ekonomi kriminèl pandan yon lòt bò klas mwayèn nan ak malere/malerèz ap apovri nan dènye bout. Twazyèm pati a se plas ganng yo nan aplikasyon pwojè aktè kapitalis yo ki pase anndan Leta ki se debarase anba Lavil la pou kreye yon espas machan. Nan ka sa, listwa rapòte n se yon pratik menm anndan Leta pou itilize vyolans nan fòse popilasyon an deplase kite espas yo pou biznisman. Patikilarite moman n ap viv la se nivo fewosite ak efikasite ganng yo anndan pwojè sila a.
II-Emèjans ganng yo, yon pwojè kont revandikasyon mas popilè yo
Li toujou enpòtan lè n ap chache konprann fenomèn k ap brase bil sosyete yo, nan analiz nou yo nou pran an kont pwojè k ap mennen yo. Pou rive konprann dinamik sa, souvan fwa li nesesè pou nou retounen nan kontèks fenomèn yo kale yo, gade evolisyon yo nan tan epi gade aktè yo ak sans aksyon yo genyen nan moman sa yo tou. Sa kapab evite nou tonbe nan kèk pyèj ki souvan ap chache kreye konfizyon nan rale efè yo pou pase sou silans kòz yo.
Pou sa ki enterese nou ki se fenomèn ganngsterizasyon an nan peyi a, travay kontekstyalizasyon an vin pi pètinan toujou nan sans l ap ede n kontrekare diskou dominan yo, k ap seye fè manipilasyon lè jeneralman « chiens de garde » sistèm nan chwazi mete aksan sou vyolans mouvman popilè yo[17] olye yo gade byen fonde aksyon mas yo nan revandikasyon yo fas ak yon Leta soud epi bèbè. Estrateji sa, li trè kouran nan peyi a chak moman mouvman sosyal la eklate. Pou Sabine Manigat[18], se yon pratik ki pa gen lòt objektif sinon kriminalize epi dekredibilize mouvman popilè yo.
Presizyon sa yo se pou nou fè an menm tan 2 travay. Youn pou esplike fenomèn ganngsterizasyon an nan peyi a. Yon lòt se pou nou seye konprann sans mobilizsyon popilè yo nan moman an pandan n ap mete l an relasyon ak fenomèn anvan. Nou pa premye moun ki tante fè sa. Men toutfwa li toujou rete yon nesesite paske diskou pwopagandis yo pa chome. Rapid vit, kite nou di fenomèn gansterizasyon an kòmanse chita kòl nan sosyete a depi ane 2018 yo avèk chef ganng Arnel Joseph ki t ap opere Village de Dieu. Youn nan aksyon chèf ganng nan pral poze ki pral genyen yon enpak nasyonal, epitou k ap vin tounen mòd operatwa ganng ki pral vini apre l yo, se bloke zòn Sid kapital la. Epòk sa ki se kòmansman eklatman gwoup ganng yo an kantite ak an puisans, li kwaze ak yon moman kote mobilizasyon popilè yo pran pik nan sosyete a sitou nan vil metwopolitèn yo.[19] Nou di pik paske, si moman sa (2017-2022) nou konstate konsantrasyon mouvman sosyal la nan yon nivo kote li pral akouche 2 nan pi gwo mouvman popilè peyi a janm konnen nan istwa kontanporèn li (mouvman peyilòk 6, 7, 8 jiyè 2018 ak mouvman bwa kale septanm 2022), mobilizasyon yo te kòmanse byen anvan sitou depi apre eleksyon 2010 yo.
Analiz k ap fèt sou nouvo deseni 2010 la souvan konsidere genyen 2 fenomèn ki pral make peyi a jouk nan nanm li. Youn se tranbleman tè 12 janvye a ki mete peyi a ajenou. Anviwon 300 000 moun pèdi lavi yo ak plis pase 1,5 milyon moun nan lari. Dega materyèl yo menm se pa pale, plis pase 105 000 kay detwi ak 208 000 te sibi gwo chòk. Anpil batiman piblik te efondre, menm palè nasyonal te prèske kraze plat atè[20]. Pou yon sosyete ki te deja ap viv gwo kriz ekonomik (kriz lafen 2008 ak revandikasyon ogmantasyon salè minimòm nan 2009)[21], tranblemantè a vin agrave kondisyon lavi mas popilè yo. Lòt evènman an se rejim PHTK ki pral pran aparèy Leta an 2011 apre manda prezidan Préval la. Nan kontèks tèt kale yo rive sou pouvwa a kriz sosyo-ekonomik yo pat piti : yon ekonomi pou rekanpe, yon peyi pou konstui oubyen rekonstui[22], yon Leta ki pou rive jwenn mas yo nan sèvis bazik yo, lekòl ak inivèsite pou fè fonksyone, elt. Preyokipasyon sa yo sanble poutan pat nan pwogram nouvo rejim nan. Jan yo te abòde kontèks pòs katastwòf la te vrèman pat rive konble atant mas popilè yo. Pwogram travay ak asenisman tankou cash for work yo te plis antre nan kad ti pwojè. Kidonk yo te twò sipèfisyèl pou te pote yon seri rezilta efikas. Pwogram Ti manman cheri an li menm tou pat kapab rezoud pwoblèm manje peyi a t ap fè fas nan moman an. Gouvènman ki te konnen li pa t ap regle anyen serye vre, te chwazi zouti pwopagann yo pou fè mas yo dòmi. Yo te achte moun mete nan tout medya pou bay manti pou yo. Nan moman yon seri pèsonalite piblik (Rudy Herivaux ansyen Lavalas, Lucien Jura, pou n site sa yo sèlman) te toujou nan gwo pwoblèm pou y ap degaje yo kou mèt Jan Jak pou kolekte tout kalte manti pou al batay ak moun nan tout emisyon politik. Gouvènman an te gaye banbòch tou nan tout kwen nan peyi a. Dènye kou a se mache bare tout espas ak batiman piblik ki te kraze pou fè konprann y ap konstui yo. Sa ki te bay rejim nan pote ti non Tòl wouj. Men pwovèb kreyòl la di « Tou manti pa fon ». Malgre tout mekanis sa yo, popilasyon an te rete pentad. Woule m de bò a pat fin sifi nèt, yo plede pran lari pandan tout manda Martelly a.
Enjerans entènasyonal la, iregilarite ak mank transparans nan eleksyon 2016 yo pote sou pouvwa yon prezidan ki pat vrèman jwenn benediksyon popilasyon an. Ajoute sou sa, Jovenel Moïse ki se eritye PHTK te kontinye ak menm politik antipopilè yo. Dènye gout pou ranvèse vaz la se lè nèg bannann nan te anonse 6 jiyè 2018 li ta pral monte pri gaz la, yon desizyon ki dirèkteman ta pral afekte tout pri pwodui premye nesesite yo. Sa ki ta va kreye mwens posiblite pou mas yo gen aksè ak pwodui sa yo. Pou repons, depi lè sa mouvman popilè yo pran yon vitès siperyè. Kidonk, kontrèman ak sa diskou dominan yo vle fè konprann, mobilizasyon ki eklate nan moman sa, menmjan yo te genyen espas yo tankou Kafou Aryopò ki te pote non senbolikman Kafou rezistans (anba kawach la oubyen anba pon Mateli a), yo te genyen tou sib yo ak revandikasyon yo (Lucien & Osna, 2023). Sa ki vle di mobilizasyon popilè yo te genyen tout yon rasyonalite pwòp ak yo menm[23]. Konprann rasyonalite ap pèmèt nou konprann tou anje moman an, sezi liy revandikatif yo ak aktè ki te vize yo.
Ki makfabrik revandikasyon mas yo apati ane 2017 yo? Depi ane 2017, mas yo leve kanpe pou divès rezon. Men genyen yon seri gran liy ki travèse lit yo. Pami gran liy sa yo nou note: denonsyasyon enjerans puisans enperyalis yo nan zafè entèn peyi a, pwotestasyon kont aplikasyon politik neyoliberal yo, ak mobilizasyon kont sistèm politik konwonpi an.
- Denonsyasyon enjerans puisans enperyalis yo
Si w ap chache fè pou temwanye sou enjerans kominote entènasyonal la, wa va bouke tèlman puisans enperyalis yo enplike yo jouk nan zo nan tout sa ki gen pou wè ak oryantasyon politik peyi a. Nou dwe presize atitid sa pa nouvo bò kote puisans okidantal yo. Dayè, listwa nou make ak yon seri fè twoublan kote antite sa yo toujou ap chache gen enfliyans sou desten nou kòm pèp. Ranson 1825 lan se premye eksperyans nan sans sa. Men, istorikman kontwòl yo sistematize apati premye lokipasyon merikèn nan. Evènman sa brase bil peyi a. Non sèlman se blan yo ki dezòmè ap deside sou lavi ekonomik nou, men tou yo kenbe politik la nan gòj. Youn nan mekanis Yankees yo pou rive chita kontwòl sa se ekspwopriye, dezame epi metrize tout mouvman peyizànri an. Ansuit, yo kreye yon dezekilib nan dinamik sosyo-espasyal la. Nouvo estriktirasyon sa, ki kase tout otonomi vil pwovens yo an favè Pòtoprens ki tounen nouvo espas santralizasyon administratif, ekonomik ak politik la, pèmèt okipan yo pi byen kontwole mouvman sosyal a. Nati mouvman sosyal la chanje kategorikman depi lè sa tou. Nan premye tòm Une modernisation manquée : Port-au-prince (1915-1956) Georges Eddy Lucien pa manke pa mete aksan sou chanjman sila a. Pwofesè a fè konnen pou premye fwa apati 1922 pwotetasyon yo pran yon nouvo fòm : yo fèt nan kapital la pasifikman avèk pankat, devan Lejyon meriken an. Kidonk vizavi politik la dezòmè se enperyalis la. Sa ki tou tradui yon nouvo rèy politik nan peyi a (Lucien, 2013). Michel Hector, nan analiz l ap fè sou karakteristik Leta Ayisyen an nan XXè syèk la fè konnen, genyen 2 evènman ki karakterize estrikti sa nan moman sila a. Pami yo lokipasyon merikèn an. Pou istoryen an, depi lè sa otorite lokal yo tounen maryonèt nan men puisans enperyalis yo patikilyèman puisans Èg la ki tounen yon konstant nan pouvwa Leta a. Chanjman administratif okipan enpoze yo pral chita yon Leta biwokratik-totalitè ki gen sèl objektif sèvi enterè kapital etranje a. Fizikman okipan yo kite peyi a an 1934, men anpil pratik gouvènans gentan sedimante pou kontinye rèy depandans lan. San bliye, yo kite yon lame sèl objektif li se bay koudeta epi fè represyon chak fwa mas popilè yo leve kanpe (Hector & Hurbon, 2009).
Tan ale, tan vini. Meriken ap fè bèbèl nan defini lavi sou tè papa Desalin nan. Nan batay kont kominis nan rejyon an apre revolisyon kibèn nan an 1959, yo pote tout sipò yo bay diktati Divalye yo ki yo menm pral bay tèt yo tout mwayen pou mate mouvman popilè yo pandan 29 lane. Men Abraram te di sètase. 86 apse a pete. Revandikasyon popilè yo pran yon nouvo souf. Van tranzisyon demokratik la ap vante byen fò sou peyi a. Divalyeris yo poko ka dakò yo pèdi lafas. Eleksyon pou premye fwa pral reyalize an 1990 ki pote Jean Bertrand Aristide sou pouvwa 7 fevriye 1991. 7 mwa apre, lame nan konplisite ak Sèvis Entèlijans Ameriken an jete lidè Lavalas la. Sa ki temwanye yon fwa ankò monopolizasyon entènasyonal la sou desten peyi a. Men paradoksalman, pou Aristide tounen an 1994, li pral negosye epi mande konkou menm bouwo konplis yo. Nou pa bezwen di kòman se te yon desepsyon nasyonal epi yon prèv pou montre peyi a lwen pou li ganmoun tèt li. Ti pas kout, ti pas kout, ant 91 ak 2010 Préval ak Aristide depataje moman Lavalas yo. Modèl gouvènans yo fouye pi fon toujou peyi a anba vant blan an.
Apati 2010 kominote entènasyonal la pran peyi a pou boulva li nèt. Kriz imanitè apre tranbleman tè a bay aktè sa yo plis lejitime pou mete pye sou kou Leta a. Bill Clinton, yon ansyen prezidan ameriken ki t ap dirije Commission Intérimaire pour la Reconstruction d’Haiti (CIRH) te gen plis pouvwa pase René Garcia Préval ak Jean Max Bellerive ki tou 2 respektivman te prezidan ak premye minis peyi a nan moman a[24]. Avèk rejim PHTK, enfliyans kominote entènasyonal la vin plis evidan. Se yo menm ki deside sou sò kandida yo. An 2010, gouvènman meriken an entèvni pou chanje rezilta premye tou eleksyon yo. Martelly ki te twazyèm dèyè Jude Célestin, vin pase an premye. Sou presyon OEA ak Washington pou ta koupe viza kèk otorite politik epi koupe èd peyi a, sektè prive a mande Préval pou l fè Célestin retire kò l epi kite dezyèm tou a pou kandida tèt kale a avèk Mme Mirlande Manigat[25]. Martelly rive prezidan kanmenm sou kontestasyon. Se kòmsi sa pat ase, nan yon moman desizif ki ta ka kreye difikilte pou nouvo prezidan rete sou pouvwa akòz pwoblèm doub nasyonalite a, anbasadè ameriken a an pèsòn, M. Kenneth Merten te vole osekou prezidan an 8 mas 2012 pou di li pa ameriken. An 2016, tèt bese ak yon konsèy elektoral konteste, kominote entènasyonal la kontinye sou menm lanse a nan konkokte yon eleksyon tèt anba ki pral favorize yon fwa ankò rejim PHTK a. Pou asire anyen pa echape l nan dinamik politik peyi a, menm estrikti sa erije l an sendika. Anbasadè peyi tankou Brezil, Kanada, Etazini, Espay, Lafrans mele ak OEA, reprezantan ONU ak Inyon Ewopeyèn mete tèt yo ansanm yo kreye Kò Gwoup (Core Groupe). Sou manda Jovenel Moïse la, malgre tout mobilizasyon popilè sitou nan moman 2018 yo, Kò Gwoup di prezidan pa p fè yon pa kita yon pa nago. Yo ta pral menm kontinye sipòte l apre 7 fevriye 2021 epi pèmèt li rete sou pouvwa jiskaske menm gwoup politik li yo sasinen l 7 jiyè 2021 an. Nou dwe souliye anpasan, si isit kominote entènasyonal la te di se nan eleksyon pou pasasyon pouvwa a fèt, Venezyela nan menm moman an yo t ap mande pou prezidan Maduro kite pouvwa a. Yo t ap sipòte san rezèv Juan Guaidó ki te alye Lèzetazini.
Jan nou di l anvan, pa manke fè pou temwanye sou enjerans puisans enperyalis yo nan peyi a. Pou 2010 menm, aksyon yo depase tout limit. Se rezon sa ki fè, sou rejim PHTK tou, mobilizasyon popilè yo pat sispann lonje dwèt sou Kò Gwoup, FMI, OEA, ak divès lòt aktè pou akize yo kòm youn nan prensipal responsab pwoblèm ayisyen. Abitid yo se sipòte yon seri politisyen ki pa gen anyen pou wè ak enterè nasyonal yo. Pou eksprime ralbòl yo, pwotestatè yo te souvan plante pikèt yo devan anbasad meriken nan Taba, anbasad Lafrans sou channmas ak anbasad Kanada sou Dèlma. Yo te toujou genyen yon seri pawòl piman bouk y ap pote. Sa ki fè nou rive konprann mas yo te klè sou yon seri bagay nan moman an. Yo te rive konnen trè byen, ayè kou Jodi, « Washington pa inosan, Clinton pa inosan, Tonton sam pa inosan nan grangou (yo) » Menm jan tou « Bank Mondyal pa inosan, FMI pa inosan, Lewop pa inosan nan mizè (yo) » ak « ONI, OEA, ONG »[26] yo.
- Pwotestasyon kont kontinite nan aplikasyon politik neyoliberal yo
Vag mobilizasyon popilè dènye tan sa yo nan peyi a konplèks. Kriz la tèlman global li vin difisil pou di kisa ki kòz prensipal la. Sepandan gen yon seri eleman ki paka pase sou silans tèlman yo evidan.
Ant 2017 ak 2023, pwotestasyon yo pran viraj radikal yo nan 2 moman. Kòmansman mwa jiyè 2018 ak kòmansman mwa septanm 2022 ki bay nesans ak 2 mouvman popilè nou konnen sou non mouvman peyilòk ak mouvman bwa kale. Tou 2 moman sa yo, n ap raple, evènman yo eklate tousuit apre gouvènman anplas yo te deklare yo pral monte pri pwodui petwolye yo. Sa ki ta ka vle di, nou ka pote tout entèpretasyon sou remak sa men sof gade l kòm yon aza. Nan sans sa nou ta ka mande, kisa ki patikilye ak pwodui petwolye yo ki fè mas popilè yo sansib konsènan varyasyon oubyen ogmantasyon pri yo konsa ? Nou ka di tou, poukisa malgre tout pwotestasyon popilè yo, Leta gen tout veleyite sa depi kèk tan pou ogmante pri pwodui sa yo ? 2 kesyon sa yo ap gide n nan pati sa.
Pwodui petwolye yo se prensipal kabiran peyi a sèvi sitou pou transpò tèrès yo. Pou elektrisite se pratikman menm bagay la. Gen anpil kote nan mond lan y ap fè gwo refleksyon sou enèji altènativ, men Ayiti « poko » nan faz sa. An 2005, nan okazyon yon konferans Association Nationale des Distributeurs des Produits Pétroliers (ANADIPP) t ap reyalize, konferansye moman ki te M. Daniel Rouzier te fè konnen 95% transpò motorize depann de pwodui petwolye yo, ak 80% elektrisite nasyonal la. Akote sa, li te fè konnen pwodui sa yo endispansab pou fabrike yon seri lòt pwodui tankou savon, chanpou, dewodoran, asfalt, bwòs dan, serenng ak aspirin, pou nou site sa yo sèlman[27]. Enfòmasyon sa fè nou sezi pi byen lide k ap di gaz la se yon pwodui transvèsal. Depi pri a monte, pri tout lòt pwodui ap monte tou paske se li ki pou pèmèt machin mache pou sikilasyon moun, manje, sikilasyon tout kalte byen popilasyon an bezwen. Se li menm tou ki pou fè diferan enstitisyon ak antrepriz mache tankou lopital, bank, lekòl, DINEPA, elt., oubyen bay popilasyon an sèvis. Nan sans sa, entèlijans mas yo rive fè yo konnen otomatikman pri gaz la ogmante li pral afekte yo dirèkteman nan tout ti detay lavi yo. Ki fè yo oblije batay ak tout fòs yo pou kontrekare otorite etatik yo pou anpeche yo monte pri gaz la. 6, 7, 8 jiyè 2018 yo voye pinga bay Jovenel Moïse ki te oblije tounen sou desizyon an. Ariel Henry bò kote pa l pase ak yon lòt vitès : 10 desanm 2021 li mete yon premye ogmantasyon sou pri gaz la. Septanm 2022, malgre mas yo di yo gen ase, li pike devan kote li liberalize totalman mache petwolye a.
Desizyon pou liberalize mache petwolye a pa vini kounya. Deba kòmanse depi 91, yon dekrè lwa soti sou sa 9 mas 1995 apre retou Aristide sou pouvwa a ki fè konnen dezòmè a chak varyasyon +-5% pri pwodui petwolye yo sou mache entènasyonal la, pri a ap varye tou sou mache lokal la. Ki vle di, se pa Leta ankò k ap deside sou pri pwodui petwolye yo sou mache lokal la, men pito se tandans mache mondyal la (Labossiere, 2014). Premye fwa mezi sa pral antre an aplikasyon se an fevriye 2003. Kòm konsekans, pri gaz la pral konnen yon ogmantasyon istorik an mwayèn 130% ki pral kreye gwo kriz sosyal, ekonomik ak politik ki te rive menm frajilize dezyèm manda prezidan Aristide la (Bélizaire, 2006). Kidonk, jan nou di l la, desizyon antipopilè sou gaz la nan dènye ane sa yo pa ditou nouvo. Yo se kontinite nan yon seri pratik ki remonte sou omwens 20 lane depi retou Aristide sou pouvwa apre koudeta 91 lan. Sa enpòtan pou nou siyale paske li pèmèt nou konprann mezi sa pran suivan dinamik nouvèl òd mondyal la. Li antre nan vag aplikasyon politik neyoliberal yo ki entansifye depi 1994, depi lè lidè Lavalas la fè chwa pou krache sou tout ideyal batay pòs diktati yo pou mennen peyi a tèt dwat anba vant enperyalis meriken an.
Alòs, nou kapab di mouvman mas popilè yo nan dènye moman sa yo se yon pwotestasyon kont oryantason politik ekonomik peyi a ki chita anba lojik mondyalizasyon kapitalis neyoliberal la yon seri enstitisyon entènasyonal ap pote (Fon Monetè Entènasyonal, Bank Mondyal, Òganizasyon Mondyal Komès) ki rive enpoze diktati mache a sou bezwen reyèl moun nan mond lan patikilyèman nan peyi d’Ayiti depi dikati Divalye yo.
1.2. Denonsyasyon yon sistèm politik konwonpi
Ayiti rete yon peyi kote kondisyon lavi mas yo prekè anpil. Òganizasyon entènasyonal yo pa sispann raple sa. Nan mizajou sou paj li nan dat 6 novanm 2024 la, Bank Mondyal deklare « Haiti demeure le pays le plus pauvre de l’Amerique latine et caraibes et l’un des pays les plus pauvres du monde. En 2023, Haiti avait un PIB par habitant de 1 693 dollards americains et un indice de GINI de 0,41 (basé sur la communication). L’indice de developpement d’Haiti pour 2022 est de 0,552, ce qui place le pays dans la categorie de developpement humain moyen, le positionnant au 158e rang sur 193 pays selon les indicateurs des Nations-Unies, publiés en mars 2024 »[28].
Pandan enstitisyon entènasyonal yo ap pibliye done sa yo sou peyi a, paradoksalman nan espas 20 lane plis pase 9 milya dola ameriken (lajan Petwokaribe a ak lajan CIRH la)[29] fè fon nan administrasyon piblik la. Lajan sa yo pou rapèl, youn ta pral sèvi pou devlopman peyi a ak lòt la pou rekonstriksyon apre tranbleman tè 12 janvye 2010 la. Nou dwe ajoute, aktè ki patisipe nan gagòt finansye sa se otorite nan pi wo nivo Leta a mele ansanm ak boujwazi lokal ak entènasyonal la. Sa ki tradui klè kou dlo kòk se yon konplo kont posiblite pou pèp ayisyen viv ti kras tankou moun. Men an menm tan tou, sa montre kòman oligachi a nan konplisite ak kominote entènasyonal la sèvi avèk Leta non pou bay sèvis ak popilasyon an, men pito kòm mwayen sistematik pou kontinye fè akimilasyon. Nou kapab entèprete mouvman popilè yo nan lojik denonsyasyon modèl tradisyonèl akimilasyon sa ki se yon kidnapin sou lavni nasyon an.
Nan referans ak lekti jewograf Georges Anglade sou fòmasyon sosyal ayisyèn nan, nou konprann pratik sa pa nouvo, li klasik nan modèl akimilasyon klas dominant yo nan peyi a. Li jwenn sous li depi apre sasinay lanperè a kote oligak yo pran komès la, ekonomi an ak aparèy etatik la an otaj. Yo itilize levye pouvwa pou fè plis richès pandan mas yo ap koukouman. Sa ki vle di, estriktirèlman, Leta ki pran nesans apre sasinay Desalin nan se yon Leta ki pa gen ankenn pwojè popilè men pito sèvi mwayen akimilasyon oligak yo nan prije tout resous ekonomik peyi a, nan vòlè taks mas yo pou plen pòch yo. Koripsyon se zouti yo itilize pou finalite sa ki pote mak fabrik jesyon fon piblik yo anndan peyi a. Mas yo ki konsyan sou pratik sa, te wè nesesite pou mande kont sou gagòt lajan petwokaribe a ak lajan CIRH la epi mande mare konplis yo. Yon veritab kesyon ki tradui nesesite chanjman radikal modèl Leta sa.
III-Ganngsterizasyon, yon volonte pou oligachi lokal la ak kominote entènasyonal la pou fèmen bouch mas yo
Malgre pèsistans pou reklame atansyon Leta a nan itilize tout mwayen posib : manifestasyon, eslogan, sitin, plent lajistis, petisyon, kreyasyon mizikal, sansibilizasyon sou rezo sosyal yo, egzijans rapò Petwokaribe, mouvman lòk, malgre tout aksyon sa yo ni Michel Martelly, ni Jovenel Moïse ankò mwens Ariel Henry pat janm pran an konsiderasyon revandikasyon mas popilè yo. Se te yon veritab Dialogues de sourds ant otorite etatik yo ak popilasyon an, pou nou repran pwofesè Jean Casimir (2009). Rejim PHTK yo pral prefere itilize tout kalte mwayen pou fè mas yo fè silans. Mwayen dous kou lafòs. Yo mete machin pwopagann[30] deyò tankou itilize kanaval nasyonal la nan objektik estrikteman politik, peye moun pou defann yo nan radyo, pase reklam pou gouvènman tout kote, fè koripsyon. Lè sa yo pa sifi, yo kreye kèk fòs ame tankou kreyasyon kò Brigade d’Opérations et d’Interventions Départementales (BOID) la, yon inite anndan lapolis la pou fè represyon sou manifestan yo. Yo entwodui machin dlo grate a nan kontèks sa tou. Jovenel Moïse kote pa l te mennen mèsenè ki te gen repitasyon bay manifestan bal nan tèt. Lè mobilizasyon yo kontinye epi radikalize nan dènye moman yo, dirijan yo chita yon rejim tèrè san ankenn rezèv. Akote lapolis la, yo ganngsterize tout katye popilè nan Pòtoprens ak nan kèk vil pwovens tankou Latibonit. Kidonk, wòl premye ganng yo vin jwe se sansire mas popilè yo oubyen tou kontwole mouvman sosyal la, jan Lucien ak Osna (2023) fè konnen l lan. Sa ki vle di kase tout revandikasyon popilè yo yon fason pou kenbe oubyen kontinye menm sistèm eksplatasyon, dominasyon, depandans ekonomik ak politik peyi a nan tout kalte enjerans entènasyonal la ak itilizasyon Leta pou akimilasyon sistematik klas dominant yo.
Pou nou rive bay yon imaj sou konplo sa kont revandikasyon mas popilè yo, pèmèt nou di ganng yo ak Leta a, kominote entènasyonal la ak boujwazi lokal se tankou diferan son nan yon menm senfoni mizikal. Pou w jwenn amoni nan ansanm sa, fòk ou mete son yo ansanm, aranje yo ak tout sansibilite epi klèvwayans sa mande. Ann seye konstui senfoni sa nan montre diferan mekanis ki mete anplas pou konstui ganng yo kòm veritab fòs represyon oubyen mòd gouvènans PHTK.
Pou ganng yo rive puisan konsa sou sèn politik la, se tout yon konstriksyon epi gen plizyè etap ladan l ak sipò Leta, boujwazi a kou aktè entènasyonal yo ki pote. Ann pati konsa : nan yon atik ki parèt sou jounal Le Nouvelliste 2 septanm 2020, yon jounalis rapòte deklarasyon Jean Rebel Dorcenat fè sou radyo Magik 9 ki di ganng yo federe sou pwopozisyon Commission nationale de désarmement, démantelement et réinsertion (CNDDR), yon enstitisyon ki te deja la depi 2004 men ki te disfonksyonèl. Jovenel Moïse pral remete l kanpe epi se menm enstitisyon sa ki pral fòme G9 an fanmi e alye, nan lide suivan Dorcenat pou kase vyolans lan nan mitan mesye yo epi pèmèt negosye ak yo pi byen. Anvan menm deklarasyon sa, genyen yon dokiman Ministè Afè Sosyal ki t ap sikile sou rezo yo ki ateste kreyasyon epi legalizasyon gwoup kriminèl sa pou yon dire 2 lane, kidonk soti 2020 rive 2022. Suivan tout aparans, akote sipò Leta yo te jwenn pou chita puisans yo, gwoup kriminèl yo te benefisye gwo avantaj ak asirans nan men blan an. Nan yon rapò li te remèt sekretè jeneral Nasyonzini an 25 septanm toujou nan ane 2020 an, madam Lalim ki te chèf BINUH nan moman te note federasyon gang yo epi ranfòsman kontwòl yo sou kèk teritwa kontribye nan bese to kriminalite a nan peyi a. N ap raple Hellen W. Lalime depi sou Mateli te toujou trè pwòch rejim PHTK. Li te pote soutyen l san kondisyon nan plizyè moman ensètitid bay prezidan Jovenel Moïse.
Ganng sa yo ki federe a, se menm yo menm ki kreye kondisyon imanitè ONG, enstitisyon entènasyonal yo ap denonse yo nan fè yon seri masak nan katye popilè yo tankou masak Lasalin 13 novanm 2018, masak Bèlè 2019. Epi se menm yo menm ki toujou kontinye touye popilasyon an nan Plèn nan, Matisan, Kafou, Gresye, Gantye, Ti rivyè, elt. Se yo menm tou ki tabli yon endistri kidnapin san parèy pou seche tout resous klas mwayèn yo ak mas popilè yo. Brèf, kontrèman ak sa otorite yo deklare, federasyon ganng yo rann yo plis puisan epi pi agresif pase jan yo te ye anvan. Yo fè plis masak, plis kidnapin, yo plis ransone popilasyon an, plis moun kite lakay yo ak plis teritwa pèdi[31]. Done yo temwanye sa, reyalite a konfime l. Sa jis sifi pou wè kòman avèk lapenn abri yo ap ogmante chak jou sou Dèlma, Lali, Boudon ak kanapevè. Pandan n ap ekri atik sa, chèf ganng mikanò ki tabli baz li Lasalin zòn Waf Jeremi, manm enfliyan gwoup kriminèl Viv ansanm ki se yon ekstansyon G9, fenk sot masakre lachman wikenn 8 desanm nan anviwon 200 granmoun fanm ak gason ayisyen plis jenn ki t ap tante sove paran yo anba kriyote chèf la. Mizajou k ap fèt sou chif yo fè konnen li anviwon 200 kounya. Ti Rivyè nan Latibonit, nan sware 10 pou rive 11 desanm 2024 la, bandi ki soti nan baz Gran grif masakre yon ventèn moun nan popilasyon an. Enfòmasyon di yo boule machin, kay ak kidnape yon kolonn kretyen vivan. VeliPost, yon medya anliy rapòte gen plis pase 10 000 ki moun oblije kite lakay yo suit ak atak sa[32]. Toujou nan menm sware sa, te genyen gwo atak sou Dèlma 19. Si pa gen moun ki mouri, men genyen blese ak anpil pèt materyèl.
IV-Fenomèm ganngsterizasyon an kòm ekspresyon yon kriz jeneralize nan mondyalizasyon sistèm kapitalis la
Nan refleksyon k ap pote sou ganng yo nan peyi a, gen yon pyèj nou dwe evite ki se pote sèlman yon diskou moralizan sou fenomèn nan. Pouki nou siyale sa?
Sitiyasyon kawotik ganng yo kreye nan peyi a ak enpak yo genyen sou lavi an jeneral, fè moun k ap sibi zak yo konsevwa gwoup kriminèl yo kòm pi gwo malediksyon peyi a janm konnen nan listwa l. Si konsepsyon sa enpòtan paske fòk moun k ap sibi zak yo pote kalifikatif sou sa y ap viv yo ak sou bouwo yo, men li genyen pwòp limit li. Paske, li ka kite n sèlman nan yon diskou moralis sa ki ka anpeche n konprann byen klè sa nou ladan l lan ak mekanis fonksyònman l. Alòske pote yon solisyon apwopriye ap fòseman rezilta yon konpreyansyon eklere.
Piwo a nou te seye montre kontèks emèjans ganng yo ki se yon kontèks kriz. Kriz sa, ki te mete mas popilè yo fas ak klas dominant yo, pa t konsène sèlman Ayiti men pito anpil lòt peyi nan Nò kou nan Sid. Kidonk se te yon kriz mondyal[33]. Si nan peyi a moun yo t ap leve kanpe kont ogmantasyon pri gaz, lavi chè, enjerans entènasyonal ak koripsyon, an Iran te genyen gwo soulèvman popilè kont menm pwoblèm sa yo : gaz, koripsyon ak lavi chè sa ki ta pral chavire nan yon rebelyon popilè ki te difisil pou fòs lòd yo jere ; Nan Chili popilasyon an pete koken apre gouvènman an te fè konnen l ap ogmante pri tikè transpò yo. Malgre otorite yo deklare yo kanpe sou desizyon sa, revandikasyon yo ta pral kontinye pou lonje dwèt sou privatizasyon byen ak sèvis sosyo de baz yo. Pou repons, Gouvènman an te desite bay kouvrefe epi maspinen tout endividi k ap pote pawòl antilòd la. Pou rapèl, Chili se peyi kote premye eksperyans politik neyoliberal yo pral fèt apre koudeta Pinochet Lèzetazini ak Angletè t ap sipòte kont prezidan Allende an 1974 ; Lafrans nan menm epòk la mouvman ki pote non jilè jòn (Gilet jaune) yo te mete Leta nan gwo tèt chaje, ki pat wè lòt solisyon sinon deplwaye tout mwayen represif pou kontrekare detèminasyon mas popilè yo. Sa ki te vire prèske nan yon gè sivil. Mobilizasyon sa yo te vini apre Leta fransè te deside l ap monte pri gaz la. Yon desizyon popilasyon an pat dakò paske li te konsyan sa ta pral afekte dirèkteman kondisyon lavi l.
Kriz jeneralize sa nan epòk 2018 yo pa nouvo nan sistèm kapitalis la nan faz neyoliberal la. Pou nou pa di neyoliberalis la se kriz menm ki mennen l pandan 50 dènye ane eksperyans yo. Depi ane 90 yo popilasyon mondyal la lonje dwè sou enstitisyon Breton Woods yo pou di se yo menm ki veritab responsab katastwòf sosyo-ekonomik y ap konnen nan peyi yo. Sou tout kontinan nan mond lan se gwo leve kanpe kont politik FMI ak Bank Mondyal yo. Dirijan yo ki konnen yo totalman diskredite, chache reflechi nouvo estrateji pou parèt sou lòt fòm epi di y ap fè lòt bagay. Konsa nan fen ane 90 yo, yo sispann di y ap redui bidjè ak privatize antrepriz piblik, yo di pito y ap batay kont povrete. Sa ki, pou Éric Toussaint ak Damien Millet, te yon senp chanjman diskou men ki te toujou menm politik anvan yo ki enskri nan konsansis Washington yo. Jounen jodi a kriz la rive nan nivo ekstrèm li. Sistèm nan gen gwo difikilte pou l pote yon repons efikas ak kontradiksyon l ap fè fas yo. ONG ki se mwayen pou kontoune an dous pwoblèm yo epi retade eklatman sosyal yo, pa kapab kontinye bay manti ankò. Dayè nou wè l, tout kote represyon an sanble se sèl remèd. Pou ka Ayiti a li menm, li pran yon fòm radikal ki se ganngsterizasyon peyi a nan itilize jenn katye popilè ak nan vil pwovens yo, lage zam fann fwa nan men yo pou fini ak popilasyon an[34]. Ganng yo nan sans sa se rezilta pwòp kontradiksyon anndan sistèm kapitalis la nan nivo mondyal ki genyen difikilte pou l rezoud. Mòd repons sa li yon tikras rejyonal. Meksik, Salvadò, Kolonbi, Jamayik, Giyàn fransèz, Gwadloup, elt., gwoup kriminèl tounen yon pratik kouran. Sou lòt fòm, nou wè tou politik zam nan mondyal : nan mwayen oryan se zam k ap chante tout lasentjounen. An Ewòp se menm kad figi a. Sa ki ta ka vle di, lagè a prèske sou tout kontinan. Remak sa fè nou poze kesyon sou pètinans endistri lagè a nan moman an. Paske zam sa yo k ap tire a montre mache sa florisan. Yon nesesite pou nou voye je gade mache kriminèl la nan peyi a epi tou di, gwoup ganng yo pa sèlman la pou kontwole mouvman sosyal la, men tou pou pèmèt emèjans yon nouvo mache ki chita sou vyolans.
- Gwoup ganng yo nan dinamik ekonomi kriminèl la
Gwoup ganng yo, akote aksyon san fwa ni lwa y ap poze nan sosyete a, se yon seri gwoup byen òganize epi ki genyen yon lojik klè ki anime yo ki se akimilasyon anndan sistèm kapitalis mondyal la. Jan yo rive òganize tèt yo kòm gwoup epi diferan aktivite yo mennen tankou trafik ògàn, kidnapin, vòl lakay moun ak sezi machandiz, pòs peyaj sou wout yo, ransone ti machann ak gwo antrepriz, dwòg ak komès zam, montre klè kou dlo kòk se yon seri gwoup k ap brase gwo lajan, men lajan nan vyolans ak sou lavi kretyen vivan. Pratik sa yo vize kase tout mwayen desan ayisyen te konn chache lavi, pou bay jarèt ak yon ekonomi estrikteman kriminèl.
Jounen jodi a Pòtoprens disfonksyonèl. Vyolans la ap kraze tout pwojè lavi ki ta vle boujonnen. Mas popilè yo oblije ap kouri kite espas yo konn fè degaje ekonomik ak viv lavi yo. Klas mwayèn nan menm li paka respire. Majorite enstitisyon piblik kou prive fèmen. Pòtoprens ki te espas santralizasyon administratif apre lokipasyon meriken an prèske disparèt oubyen gentan pa la ankò nan yon sèten nivo. Ane 80 se te espas piblik yo ki t ap disparèt sou efè politik neyoliberal yo. Jounen jodi a ni espas prive, ni tirès piblik ki te rete yo sanse disfonksyonèl. Si disfonksyònman n ap gade a parèt evidan, men tou se ekspresyon yon lòt fòm fonksyònman. Disfonksyònman yon seri aktivite se pou fonksyònman yon seri lòt aktivite ki gen rapò ak yon ekonomi kriminèl. Yon tip ekonomi ki chita sou vyolans. Vyolans la nan ka sa vin yon mwayen fondamantal nan akimilasyon kapital la. Kidonk entèlijans siperyè k ap mennen politik sosyo-espasyal yo nan mond lan ap redefini pwojè espas Ayiti a pou fè l tounen yon mache pètinan pou emèjans aktivite kriminèl yo. Nan nouvo dinamik sa, gen yon seri aktè k ap byen pase : mafya transnasyonal yo, yon franch nan boujwazi lokal la, politisyen tradisyonèl yo ak gwoup kriminèl yo kou patikilye san kè.
N ap presize, avèk apwòch sa nou genyen sou aktivite ganng yo ap mennen yo, nou voye jete byen lwen lide ki fè kwè ekononomi nasyonal la se gwo so sèlman l ap pran depi kèk tan. Nou avanse pito se yon tip ekonomi k ap chite pou bay plas ak yon lòt modèl ekonomi ki baze sou vyolans epi k ap pi byen chita tèt li tanzantan. Pou nou rive konprann modèl transfòmasyon sa, li enpòtan pou nou fè sa gwo save yo rele ripti epistemik ak lekti tradisyonèl sou ekonomi an. Sa ki vle di yon ripti ak konsepsyon liberal yo genyen k ap gade ekonomi an sèlman nan rapò echanj rasyonèl yo san yo pa gade rapò sosyal anndan sosyete yo.
Nan yon refleksyon ki pote tit La mafia comme expression endogène de l’accumulation du capital (2006), Carlo Vercellone ak Didier Lebert fè konnen jan fondatè ekonomi modèn yo panse ekonomi an kreye gwo obstak pou ta reflechi sou jan vyolans lan ineran ak fòm akimilasyon anndan sistèm kapitalis la. Pou 2 ekonomis sa yo, pansè fondatè yo plis nan yon vizyon pozitivis sou ekonomi an ki fè kwè se yon syans pafè ki gen yon men envizib k ap dirije l nan yon lòd pafè. Konsa yo pase sou silans tout vyolans ki anndan sistèm kapitalis la, menm jan tou sa pa enterese yo pou gade kòman klas sosyal yo kreye anndan sosyete yo ak kòman divizyon sosyal travay la emèje. Pou n di yon lòt fason, yo pa gade kòman yon bò gen yon seri moun ki genyen tout mwayen pwodiksyon yo, epi yon lòt bò yon lòt kategori se sèlman fòs kouray yo yo genyen pou yo vann.
Pou Carlo Vercellone ak Didier Lebert, limit apwòch sa genyen li fèmen je sou listwa. Li voye jete byen lwen tou pètinans rapò sosyal yo anndan chanjman k ap fèt nan soyete yo ; vyolans lan nan sans sa vin refoule nan pwosesis akimilasyon kapital la pou bay plas ak yon ideyal ekonomi ki chita sou echanj rasyonèl ant endividi yo. Konsa chak fwa vyolans lan parèt, altènativ la pa lòt se retabli otorite Leta pou remedye ak dezòd la. Sa ki ta ka vle di, kote ki gen vyolans, se ta yon vyolasyon flagran lwa mache a, se ta yon disfonksyònman lwa ekonomik yo. Carlo Vercellone ak Didier Lebert panse gen nesesite pou nou ta rive depase modèl lekti sa ki trè dominan. Konsa nou ta va sispann gade vyolans lan kòm vyolasyon lwa mache a. Men pito konsidere l kòm mwayen andojèn nan akimilasyon sistèm kapitalis la. Ki pètinans griy lekti sa genyen sou sa k ap pase nan peyi a ?
An nou mete nou dakò gwoup ganng oubyen milis yo tounen yon konstant nan sosyoloji politik kontanporèn peyi a. Yo toujou yon zouti kle pou pouvwa anplas yo kraze tout dinamik demokratik yo epi mete pouvwa alabri tout kontestasyon popilè yo. Tonton makout yo se ta ka egzanp ki pi pètinan nan nivo sa. Gwoup milis sa François Duvalier pral fòme an paralèl ak lame a nan dat 29 fevriye 1959, pral pèmèt li chita yon pouvwa diktatoryal sanginè pandan 29 lane anndan peyi a. Tonbe rejim nan an 1986 suit ak batay mas yo pat pote ripti ak pratik sila a. Pou prèv, apre koudeta 30 septanm 1991 lan ki ta pral mete nan kanpe lwen prezidan Jean Bertrand Aristide, yon nouvo gwoup milis ki bay tèt li non Front Révolutionnaire Armé pour le Progrès d’Haiti (FRAPH) sou lidèchip Emmanuel Constant avèk sipò CIA pral kreye nan sousi pou mate tout revandikasyon popilè yo epi perenize rèy makoutis la. Si Aristide tounen an 1994 li kraze lame a epi metrize ajan FRAPH yo, men li menm tou nan yon ti tan apre pral itilize menm metòd la pou fè fas ak nouvo pwotestasyon kont pouvwa a. Nan elan popilis li, eritye 86 la pral krache sou tout batay pou tranzisyon demokratik yo nan enstitiye enfòmèlman yon seri gwoup ki pote non chimè ki devwe ak tout pratik kriminèl pouvwa a epi opoze ak tout pwotestasyon popilè yo. Chimè yo tou ta pral devlope kèk pratik tankou kidnapin prensipalman nan katye popilè nan kapital la. Kidonk nou wè rejim Lavalas la pote nan li menm rasyonalite kanpe milis pou mate mobilizasyon popilè yo lè li santi pouvwa li menase.
Apati 2011, gwoup milis yo pran yon nouvo ekstansyon anndan peyi a. Avènman rejim Tèt kale a sou pouvwa ki inogire rèy bandi legal yo, se pral yon moman pwopis pou deplòtònman milisyen tout kote. Yo pote menm eritaj rejim anvan yo ki se kontwole mouvman sosyal la. Men tou, nan kontinite sa yo chita yon ripti : yo tounen yon seri gwoup òganize avèk yon seri objektif presi ki se sèvi mwayen pou pèmèt akimilasyon kapital la. Anfèt, administrasyon Martelly a pral fasilite devplòtònman gwoup paramilitè yo nan divès fason. Nan rapò Gwoup Ekspè Nasyonzini yo te pibliye 15 septanm 2023 a, li mansyone vini prezidan Martelley sou pouvwa a fè genyen yon nouvo lèl boujwa ki akapare prensipal pò peyi a. Pami boujwa sa yo nou jwenn siwo-libanè Reynold Deeb ki, toujou suivan rapò ekspè yo, te plase moun dirèkteman nan dwàn yo pou ede l kontoune desizyon legal yo. Menm M. Deeb sa Kanada te sanksyone, konn patisipe nan finanse ganng pou pwoteje antrepriz li, pou pèmèt li antre ak machandiz san kontwòl epi pèmèt tou machandiz sa yo pase sou teritwa ganng yo kontwole yo. Akote livre pò yo ak patizan lèl boujwa li yo, sa ki pral kontribye nan demiltiplikasyon trafik ilisit yo tankou enpòtasyon zam ak dwòg, Michel Martelly pral patisipe dirèkteman nan kreye oubyen sipòte kèk baz. Prezidan bandi legal la kreye epi finanse baz 257, yon baz ki te kriyèl anpil nan fè yon seri aksyon tankou asasina, vòl, kidnapin ak trafik dwòg epi ki te gen wòl fondamantal anpeche manifestasyon fèt nan komin Petyon-Vil. Genyen kèk chèf gang (Arnel Joseph, Ti lapli, elt.) ki souvan afime yo te gen bon rapò ak prezidan an ki te konn apwovizyone yo an lajan ak zam[35].
Dezyèm ak twazyèm vèsyon PHTK pral pouse aksyon sa yo nan radikalite yo. Jan nou wè l pi wo a, se sou Jovenel Moïse gwoup ganng yo donnen plis epi rive federe yo an sendika. Sou Ariel Henry, Leta bay baryè lib nèt. Mesye yo fè sa yo vle, yo kontwole plis teritwa toujou nan yon nivo kote minis kominikasyon ki te an menm tan minis jistis gouvennman te deklare peyi a teritwa pèdi[36]. Rale mennen vini sa se pa pou fè bèl fraz ni tonbe nan ekstrapolasyon plat, se pou gade pètinans gwoup ganng yo nan pwosesis akimilasyon yo sou rejim PHTK a. Se gade kòman rejim politik sa sistematize mòd fonksyònman sa. Nou soulve pi wo a kòman administrativman an 2011 Leta a, nan konplisite ak yon franch nan boujwazi a, ap fasilite trafik ilisit nan peyi a. Nou wè youn nan dispozitif prensipal ki itilize pou sa se plase kèk ajan enpòtan nan dwàn yo. Nou bay egzanp Reynold Deeb kòm ka tipik ki se yon gwo tèt nan boujwazi ayisyèn nan ki itilize ganng yo nan divès nivo pou kapab fè plis pwofi. Youn nan fason toujou ekspè yo rapòte Deeb fè lajan, se itilize ganng yo nan moman peyi lòk la. Nan moman sa, puiske pwodui yo te chè akoz pwoblèm sikilasyon nan peyi a, M. Deeb pral soudwaye kèk politisyen ki apre peye chèf ganng yo pou kase mobilizasyon yo yon fason pou li enpòte plis pwodui epi vann pou fè plis pwofi[37].
Rapò senbyoz sa nou soulve ant ganng yo ak boujwazi epi politisyen anndan peyi a, montre nou ganng yo se yon pyès enpòtan pou gwo chabrak rantre lajan nan move kondisyon pandan yo paralize tout lòt aktivite kote mas popilè yo te konn chache lavi. Prensipalman aktivite tankou kòmès ant diferan vil yo ak kòmès anba lavil. Nivo kontwòl ganng yo sou Pòtoprens, ki te 80% an 2023 sa ki plis kounya, fòse divès mache nan kapital la fèmen. Mache sa yo se te prensipal espas pou timachann yo chache lavi : Kwabosal, Salomon, mache nan plèn yo tankou mache Kwadèmisyon, mache Kokiyo nan Nazon, mache kabarè, mache Ponsonde, elt. Se ra mache k ap fonksyone nan moman ki sou wo Dèlma, Kanapevè, sou Lali ak kèk lòt kote ankò. Men prensipal mache referans yo pa la. Gen lòt mache tou nan yon seri vil pwovens ki pèdi tout vigè yo, paske yo paka fè relè ak Pòtoprens ni vil pwovens yo. Se egzanp pou gran Sid la ki bloke, sa fè manje ki sot nan jaden rete ap gaspiye. Sa ki kraze kòmès ale vini machann yo. Sa ki kontinye tou nan rann pi difisil kondisyon lavi mas yo. Nou souliye mache yo, men ekonomi enfòmèl la pa vrèman bezwen espas espesyal pou li fonksyone. Tout lari, tout kwen nan katye popilè yo se ti machann ki t ap degaje. Kidonk rann espas sa yo envivab se kase sistematikman tout mannyè degaje lavi yo.
Si wout yo enpratikab epi mache sa yo fèmen, enstitisyonalizasyon ganng yo an paralèl mete kanpe yon lòt mache ki bay jarèt ak yon nouvo mòd ekonomi ki se ekonomi kriminèl la ki brase divès fason. Kidnapin nan se youn nan premye mayon nan chenn ekonomi kriminèl la. Si li fè yon ti bese kounya akoz gwoup ganng yo gen lòt mwayen pi efikas pou yo rantre lajan, anvan ant janvye 2022 ak jwen 2023 li sanble te nan pik li. Te genyen anviwon 2 441 ka kidnapin ki te anrejistre plis sa ki pat deklare avèk montan ki ale ant 7 000 ak 500 000 dola ameriken. Nou dwe souliye, lajan sa yo se yon seri lajan k ap soti nan men yon gwoup moun pou ale nan men yon lòt gwoup[38]. Kidonk kidnapin nan tounen yon mwayen biznis pou plen pòch yon kategori pandan yon lòt kategori ap apovri san limit[39].
Detounman machin piblik kou prive rete yon lòt mwayen ganng yo itilize pou akimile. Puiske yo kontwole tout aks woutye yo, yo kapab detounen tout kalte machin k ap pote machandiz ak pwodui ki gen valè oubyen moun. Konsa mèt machin yo ak machandiz yo oblije peye gwo lajan ameriken, ant 1 000 ak 3 000 dola ameriken pou kapab rekipere yo. Men depi kèk tan, yo genyen yon nouvo estrateji ki fè koze detounman machin nan sanble kalme. Bagay sa a yo pa negosye l, se sa ki fè peyi a ka tèt anba, men yo toujou asire aktivite sa mache ki se sikilasyon ki fèt sou kontwòl yo. Mesye yo tèlman sansib ak sa, depi cha lapolis ta menase biznis la yo andyable. Yo tire tout kote ak detèminasyon pou chase fòs legal yo. Yo enstitisyonalize dwa pasaj yo kit sou machin tranpò pasaje oubyen machandiz. Lè konsa antant ant chofè yo ak mèt machandiz yo deja fèt depi anlè. Pasaje yo jis genyen pou yo peye chofè yo dirèkteman pou chofè yo menm bay ganng yo pòsyon pa yo. Se yon pratik ki enstitisyonalize kèk tan. Nou ka sonje sikilasyon fòmilè sou rezo sosyal yo pou chofè enskri chak mwa. Sa fèt tout kote ganng yo kontwole yo: Kanaran, Matisan, Mòn Kabrit, Latibonit. Sa ki plis egzajere a, sou yon menm wout, dabitid genyen plizyè pòs peyaj paske se plizyè gwoup k ap opere[40].
Genyen yon lòt aktivite ki trè enpòtan nan ekonomi kriminèl la nan peyi a, se mache zam nan. Ekspè nasyonzini[41] yo fè konnen demand lan vin anpil sa ki ogmante pri zam yo. Se yon mache ki gen anpil antre ekonomik ann Ayiti. Tankou, yon zam ki vann kèk santèn dola ameriken nan peyi Etazini, li koute ant 5 ak 8 mil dola sou mache ayisyen an. Zam sa yo soti prensipalman Etazini pou rantre dirèkteman nan peyi a. Genyen tou ki soti nan Sid Amerik la yo antre tout jan nan peyi a: mwayen tèrès, lanmè oubyen avyon.
Kòmès dwòg la fè pati mwayen akimilasyon ganng yo tou. Toujou daprè ekspè yo, Ayiti nan yon gwo rezo trafik dwòg nan rejyon an. Peyi a sèvi koneksyon ant yon seri lòt peyi nan Karayib la ak nan Sid Amerik la pou trafik ilisit. Rezo a gen ladan l Kolonbi, Repiblik Dominikèn, Jamayik, Pòto Riko, Bayamas. Gen plizyè fason kòmès sa fèt ann Ayiti pou gwoup ekspè yo. Se pratikman tout depatman nan peyi a tou ki konsène. Genyen kèk fwa se lage ti avyon lage kagezon dwòg yo sou kèk kote tankou Latibonit, zòn Jakmèl ak Okay. Gen kèk lòt lè tou se avyon ki desann yo menm nan yon seri pis ankachèt nan divès kote nan peyi a pote dwòg la. Avèk kontwòl ganng yo genyen sou wout nasyonal yo, sikilasyon pwodui sa vin pa gen twòp difikilte. Yo jwenn tou konplisite anpil gwo otorite nan Leta ak polisye sou wout yo[42].
Nan dènye moman sa yo, sanble ganng yo gen yon nouvo mache. Souvan sou rezo sosyal yo gen non yon moun ki disparèt nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan. Sou radyo yo menm, patikilyèman nan emisyon Gran Boulva sou Radio Caraïbes, se chak maten yon pwòch ap vin kriye li genyen yon fanmi ki soti ki pa antre. Malgre plent nan komisarya, rechèch nan mòg ak nan lopital, yo konn pa janm rive jwenn moun sa yo. Gen kèk ka ki rete anblematik tankou Reginald Estimé ki se twazyèm elèv ki disparèt nan lise Lasalin nan depi avril 2024 la[43]. Combite pour la Paix et le Développement (CPD) soti yon rapò enkyetan nan sans sa kote li resanse 19 ka disparisyon pou sèlman mwa novanm 2024 la[44]. Ogmantasyon fenomèn sa fè òganizasyon an panse ak yon nouvo mache kriminalite ki ka trafik ògàn. Nan dènye masak nan Waf Jeremi an, anpil pawòl fè konnen yo jwenn moun ki sasinen yo san yon seri ògan nan kò yo. Sa ki boule ak sa yo lage rès kò yo nan lanmè. Sa ki ta ka bay kèk soupson toujou sou mache ògàn nan.
V-Ganng yo nan debarase sant vil Pòtoprens lan ak nan kraze pwodiksyon nasyonal la nan Latibonit
Toujou genyen 2 konsepsyon antagonik k ap travèse espas yo. Yon bò yon konsepsyon kolektivis ; Yon lòt bò yon konsepsyon endividyalis. Premye a wè espas la kote pou moun abite, viv nan diyite epi nan amoni ak lanati. Dezyèm nan pou li menm espas la se pwopriyete prive kèk endividi epi se mwayen pou yon ti ponyen fè pwofi san ankenn konsiderasyon ni pou majorite a ni pou byennèt anviwònan ak tout sa ki ladan l. Se dezyèm konsepsyon sa ki vin dominan depi kèk tan nan mond lan avèk triyonf sistèm kapitalis la.
Yo anpil otè ki mete yo dakò istorikman sou afimasyon sistèm kapitalis la nan kontinan ewopeyen an. Yo sitiye l ant XVè ak XVIIè syèk yo, dat ki make ekspropriyasyon brital peyizan anglè yo sou desizyon palman an. Menm si se yon desizyon etatik, evènman sa ki pote non « mouvement des enclosures » sitou make moman tranzisyon nan mòd pwodiksyon kontinan ewopeyen an k ap soti nan yon mòd pwodiksyon feyodal pou tonbe nan yon lòt mòd pwodiksyon boujwaz ki dezòmè vin dominan. Avèk aksyon sa, boujwazi a akapare tè mas peyizan yo, kraze espas yo te abite pou kapab fè elvaj mouton pou kòmès lenn, yon kòmès ki te rapòte anpil nan moman an[45]. Anfèt sa ki enterese nou nan relate dewoulman fenomèn sa, se lojik pwofi ak pwopriyete endividyèl ki travèse aksyon anndan sistèm kapitalis la ki triyonfe sou konsepsyon espas la kòm kote moun viv lavi yo.
Kapitalis la se yon sistèm ak konkèt. Toujou gen nesesite pou apwopriye nouvo espas pou etann dominasyon ak eksplwatasyon klas boujwaz yo nan lide pou kreye nouvo mache pou fè plis pwofi. Se menm lojik sa ki pral mennen vini kolon sou bout tè isi a apati 1492. Sou pwopriyete kolektivis, yo chita pwopriyete prive. Yo kase tout dinamik lavi pezib otoktòn yo t ap mennen, yo kraze, yo brize, yo piye epi tabli kolonizasyon nan espas la nan pwofi klas pa yo. 1791, moun yo t al dèyè nan kontinan Afrik la pou travay pou yo, di se twòp atò. Sou banyè filozofi libète byènnèt pou tout moun nan, yo enstitiye yon pwojè lavi paralèl. Men tousuit apre lendepandans lan, lwa kolon monte nan tèt oligak yo. Yo reklame yo se eritye blan je vèt, yo sasinen anperè a ki t ap revandike byennèt mas moun ki te soti ann Afrik yo[46]. Yo pran tè a pou yo, tè ki gen jèvrin yo ki tounen mwayen pou yo fè pwofi. Mas popilè yo te oblije pran lamontay kote yo erije yon pwojè rezistans ki chita sou dwa grandèt majè ayisyen.
Apèn yon syèk apre, toujou nan menm lide pran espas la pou pwofi endividyèl la, kapitalis enperyalis yo sèmante yo pa p kite kote pou ayisyen rete, kote ki rele li chè mèt chè mètrès li pou li viv ak kè poze. Meriken debake, gwo zam nan men, yo ekspwopriye ti peyizan yo. Yo kase tout dinamik entèn espas yo. Yo chita yon estrikti sosyo-espasyal ki sèvi mache pou devèse pi byen pwodui lakay yo.
Pwojè sa pa kanpe. Li pran lòt fòm nan diferan moman. Nan dezyèm Tòm tèks li an ki rele Une modernization manqué: Port-au-Prince (1915-1956), pwofesè Georges Eddy Lucien (2014) fè konnen diferan pwojè ibanizasyon nan peyi a istorikman plis chita pou fè bèbèl, fè entènasyonal la plezi pou attire touris olye pou kreye vrèman espas pou ayisyen viv. Li bay egzanp pwojè konstriksyon vil Beladè ak ibanizasyon Pòtoprens nan dezyèm mwatye XXè syèk l sou prezidan Estimé. Ki vle di pwojè sa yo plis enskri nan kreye yon espas pou mache a, pou fè pwofi olye yo pèmèt moun abite. Lojik sa fè Leta souvan aplike yon seri mwayen fewòs nan politik sosyo-espasyal li genyen. Li souvan itilize vyolans pou deloje abitan yo san ankenn politik relokalizasyon efikas. Sa ki vin debouche sou kriz epi kale plis katye prekè toujou. Pou egzanp, nan lane 1963, Francois Duvalier ki te vle deloje moun ki te abite Lasalin yo pou bay espas la ak yon boujwa bòdmè fè kòmès, li antre nan menm pwosesis vyolans lan. Listwa rapòte li te fè Madan Max Adolphe, gwo fiyèt lalo devan Letènèl, mete dife Lasalin pou kouri dèyè popilasyon an yon fason bou pèmèt biznismann bòdmè a kreye antrepriz[47]. Jounen jodi a nou sanse ap viv menm sitiyasyon yo sou yon lòt fòm. Nan sousi pou chache pwofi, enperyalis la ak oligak lokal yo deklare ayisyen lagè. Se gang yo ki sèvi nouvo mwayen, trè efikas, pou travay sa. Pou rekanpe pwojè apwopriyasyon endividyèl espas yo, yo kouri dèyè tout moun nan katye popilè yo ak nan kèk vil pwovens. Kit Latibonit, kit Pòtoprens, se menm pwojè pou menm kòz la. Ann seye devlope kèk pwen pou chita pi byen refleksyon sila a.
Latibonit se zòn nan peyi a ki bay plis manje. Gen yon zanmi, nan diskisyon nou konn genyen, toujou ap raple koze sa : si paradoksal sa ka parèt, pandan Latibonit se la peyi a plis kiltive diri, se menm zòn sa tou endistri Bongù ki se yon antrepriz miltinasyonal ki nan diri, enstale. Se menm zòn sa tou bandi kale pa pil pa makonn. Sa ki anpeche malere/malerèz kontinye plante. Nou dwe raple nan nouvèl òd mondyal la, depi ane 80 yo Leta ayisyen sou lòd enperyalis meriken deklare pwodiksyon nasyonal la lagè. François Duvalier anvan li mouri pase kontra ak Leta meriken pou bay oryantasyon yon tip ekonomi soutretans ak Ayiti[48]. 1983, pou fè kontinite ak desizyon papa a, Jean Claude Duvalier sasinen tout kochon kreyòl yo, epi lage peyizan yo de bra pandye[49].
Nan ka Pòtoprens lan, apre tranbleman tè 2010 la, prezidan René Garcia Préval pran yon dekrè nan dat 2 septanm 2010 pou deklare Anba Lavil la itilite piblik. Soti Rue des Césars, pase rue St Honoré, tonbe Rue Capois, tout dwe rapid vit debarase. Kidonk popilasyon an oblije kite espas sa yo suivan desizyon Leta a. 2 lane apre, prezidan Michel Marthelly pral remobilize epi aktyalize desizyon sa nan pwojè rekonstriksyon CIRH la. Dwòl koyensidans, nan moma la sa ki siprann tout moun, pandan operasyon ganng yo nan zòn anba lavil la ap fè ravaj, se yon retou brital ak desizyon sila a. Nan yon kominike ki pibliye nan dat 24 jiyè 2024 la, gouvènman an atravè Ministè Travo Piblik Transpò ak Kominikasyon mande tout moun pou kite zòn anba Lavil la nan yon delè ki pa depase 8 jou, ki vle di pou pi ta nan dat ki te 31 jiyè 2024 la. Se yon mezi ki antre nan kad aplikasyon arete 2012 la. Detèmine pou fè abitan yo kite espas yo pa nenpòt mwayen, nan nenpòt moman, Leta pral pibliye yon lòt arete 7 dawout 2024 la nan menm lide sa. Nan dat 23 dawout 2024 la, Ministè Ekonomi ak Finans atravè Direksyon Jeneral Enpo soti nòt pou mande tout moun ki nan zòn ki deklare itilite piblik yo, tankou zòn Avnenue Christophes, Rue Capois, Rue Saint-Cyr ak Ducoste pou pase depoze kopi ki di yo se pwopriyetè espas y ap viv la. Dat limit pou sa fèt se 11 septanb 2024, sinon Leta ap aji jan sa mande a, presize nòt la.
Pandan arete sa yo ap soti, popilasyon an ap kouri kite lakay li anba bal epi chache abri sou plas piblik ak nan kèk batiman nan tout move kondisyon pou dòmi. Sa ki montre se delokalizasyon ki enterese Leta men se pa chache reloje avèk desans moun yo. Alòs, nan sans sa nou ka rive konprann ganng yo se yon mwayen ki vin trè efikas pou aplikasyon politik delojman Leta a. Si nan moman òdinè desizyon sa yo te ka fè gwo lese frape nan sosyete a tankou apre 12 janvye, menm reyaktive mouvman popilè yo, avèk ganng yo k ap opere a, sa vin fasil pou chita pwojè rekonstriksyon bòdmè a ki nan moman anvan yo te jwenn rezistans mas popilè yo. Yon pwojè ki plis nan lojik mache mondyal la, ki vle di se kreye yon espas pou pèmèt kapitalis yo fè pwofi san gade lavi mas yo. Se yon fòm apwopriyasyon prive espas la sou pwojè lavi kolektivis la. Se tout yon kontinite nan pwojè modènite kolonyal la ki te toujou ap priyorize gran plantasyon pou kapital la sou lavi moun.
VI-Nesesite pou yon pwojè politik popilè
Pou nou plis ouvè refleksyon sou kontèks n ap viv la, n ap di (se yon rapèl) travay sa se pwodui yon konsta: fòs lòd yo poko janm ka rive mete yon estòp nan ofansif gwoup kriminèl yo nan peyi a. Lame sanble pa janm souke kò l. Operasyon lapolis yo se echèk sou echèk. Kanta pou fòs miltinasyonal la li menm, malgre tout envestisman tan, enèji ak manipilasyon ki te fèt pou jistifye entèvansyon an, yo poko fè ankenn demonstrasyon pou montre kisa objektif yo ye vrèman. An paralèl ak pasivite oubyen mank efikasite fòs lòd sa yo, nou wè jiskounye a se inisyativ otodefans ki sou lidèchip mas popilè yo sèlman ki konvenkan. Nou genyen 2 egzanp pètinan nan sans sa ki se 2 mouvman bwa kale yo an avril 2023 ak novanm 2024.
Ti egzèsis sa montre nou gen yon rapò senbyoz ant Leta, boujwazi lokal la, kominote entènasyonal la ak ganng yo. Sa ki vle di, ni lame a, ni enstitisyon polis la, ankò mwens fòs miltinasyonal la ki soti anndan vant kominote entènasyonal la sou banyè puisans enperyalis tankou Lèzetazini pa p janm kapab pote solisyon ak pwoblèm ensekirite a paske yo tout la se fòs represif pou kase revandikasyon mas popilè yo. Kidonk yo tout la gen misyon mete men ansanm pou kontrekare pwojè LIBÈTE BYENNÈT pèp ayisyen an toujou reve a. Pwofesè Jean Anil Louis-Juste (ibidem) te gentan konprann byen se mas yo ki gen enterè nan dechouke lokipasyon, kit lokipasyon sou fòm etranjè oubyen ganng paske se yo menm k ap sibi veksasyon ak kalamite chak jou. Menm jan esklav yo te toujou konnen yo paka mande Leta kolonyal fransè pou ba yo sekirite, mas yo tou jounen jodi a dwe soti nan Lalin. Yo dwe konnen se yo menm ki pou pran responsabilite yo jan zansèt yo te fè l nan Sendomeng lan. Leta neyokolonyal paka panse sekirite pou pèp. Se pèp la ki pou chache souverènte politik li, chache rekipere teritwa li pèdi yo li menm pou li kapab viv vrèman tankou moun suivan ideyal mawon 1791 yo. Leta ki anba pye kapitalis meriken, ki se veritab machann ensekirite k ap vann zam tout kote nan mond lan patikilyèman nan rejyon Karayib la[50], ap toujou limite nan aksyon l. « Se yon lòt rèl Viv liv osnon mouri ki pou pouse n nan bouske lavi lakay » (Louis-Juste, ibidem).
N ap fini pou nou di òganizasyon pwogresis yo nan peyi dwe soti tou anba tandans kapitalis neyoliberal la. Yo dwe koupe fache ak lojik goch ONG a k ap fonksyone sou ti pwojè pou yo kapab enskri tèt yo nan yon veritab batay klas pou transfòmasyon sosyal total kapital la[51].
Wasly SIMON, etidyan memoran nan depatman sosyoloji, Fakilte Syanzimèn (Inivèsite Leta d’Ayiti)
Referans bibliyografik
Liv
Anglade, G. (1982). Atlas Critique d’Haïti. http://classiques.uqac.ca/
Casimir, J. (2009). Haiti et ses Élites. L’interminable dialogue de sourds. Éditions de l’Université d’État d’Haiti.
Civil, M. (2020). Une analyse sociologique du phénomène peyilòk en Haiti. [Mémoire master, Université d’Ottawa].
Hector, M. & Hurbon, L. (2009). Genèse de l’État (1804-1859). Éditions Presses nationales d’Haiti.
Lafleur, J. (2022). La Ville dans les luttes sociales en Haïti : le cycle métropolitain des mouvements sociaux (2017-2021). [Mémoire license, Université d’État d’Haïti].
Lucien, G. E. (2014). Une modernisation manquée. Port-au-Prince (1915-1956). Tome II. Éditions de l’Université d’État d’Haïti.
Marx, K., (1867) Le Capital, Livre I-Section VIII, L’accumulation primitive.
Perchellet, S. (2010). Construire ou reconstruire Haïti? » CADTM. http://www.cadtm.org/Construire-ou-reconstruire-Haiti,6647
Thomas, F. (2020). Soulèvements populaires. Points de vue du Sud. Alternatives Sud. https://doi.org/10.4000/lectures.50689.
Atik
Bélizaire, R. (2006,14 fevriye). Quand le ministre des finances s’interesse brusquement au social, AlterPresse.
Cyprien, G. (2005, 29 septanm). Réalités de l’énergie pétrolière en Haïti et suggestions. Le Nouvelliste.
Darbouze, J. (2022, 7 jen). Capitalisme du désastre, la formule de Dieu et notre avenir en Haiti. Alterpresse.
…………… (2019, 12 novanm). Ce que le massacre à La Saline nous apprend sur la société haitienne et la nature de la crise de l’État. AlterPresse.
Darnal, A. (2024, 30 navanm). Les États-Unis responsables du trafic d’armes dans les Antilles françaises ? Zist. www.zist.co/2024/11/30/les-etats-unis-responsables-du-trafic-d’armes-dans-les-antilles-francaises/
Gilbert, M. (2015, 29 oktòb). La guerre de basse intensité à Cité Soleil. AlterPresse.
Haiti Progrès. (2024, 22 novanm). 73% de trafic illégales d’armes à feu dans les Caraïbres proviennent des États-Unis. www.haitiprogres.com/new/2024/11/22/73-de-trafic-illegales-darmes-a-feu-dans-les -caraibes-proviennent-des-etats-unis/
Johnston, J. (2016, septanm). Ce que révelent les émails de Clinton sur l’élection de Marthelly en 2010. Le Nouvelliste.
Labossiere, E. (2014, 24 avril). Réforme du programme de subvention des produits pétroliers en Haïti. Le Nouvelliste.
Le Moniteur. (2024, vendredi 12 avril). Décret portant création du Conseil Présidentiel de Transition.
Louis, C. (2024, 14 oktòb). Le rapport d’enquete de la FJKL sur le massacre de Pont-Sondé critique les responsables de l’État. Le Nouvelliste.
Louis-Juste, J. A. (2008, 9 jiyè). Akawo, Goman, Desalin : twa lidè disparèt, yon pwojè parèt. AlterPresse.
…………………. (2009, jen). ONG : ki gouvènman ou ye ? Asosyasyon Inivèsitè ak Inivèsitèz Desalinyen.
Manigat, S. (2022, 20 oktòb). Haiti : renaitre ?, Capire.
Mbembe, A. (2006). Nécropolitique. Raisons politiques. 2006/1 no 21. Cair.info/revue-raisons-politiques-2006-1-page-29 ?!ang=fr.
Mérancourt, W. (2021, 20 septanm). Les armes des États-Unis alimentent l’insécurité en Haïti, Ayibopost. Ayibopost.com/les-armes-des-etas-unis-alimentent-linsecurite-en-haiti/
Pierre, F. (2024, 4 desanm). Disparitions des personnes à Port-au-Prince : CPD recquiert une visite du Groupe de travail des Nations-Unies sur les disparitions forcées ou volontaires.
Rezo Nòdwès. (2024, 25 janvye). Après 220 ans d’independance, le « conze » Jean Victor Généus soutient l’Occupation du territoire haitien au profit de Ariel Henry.
RHINEWS. (2020, 4 desanm). Echec de l’opération policière à Village de Dieu : Les bandits n’ont pas été délogés, aucune arrestation, aucune arme saisie.
Toussaint, E. Millet, D. (2006, 6 desanm). Le FMI et la BM imposent toujours le Consensus de Washington. CAMDT.
Vant Bèf Info, (2024, 4 dedanm) L’inquiétante hausse des disparitions selon CPD.
Velipost, 13 desanm 2024.
Vercellone, C & Lebert, D. (2006). La mafia comme expression endogène de l’accumulation du capital in Mafia et capitalisme. Économie appliquée : archives de l’institut de science économique appliquée. pp. 23-58. Halshs-oo263672
Videyo
Bélanger, J. F. (2024, jen). Radio Canada.
Bélizaire, R. (2024, 28 septanm). Léconomie haitienne en temps de crise. Le citoyen et la cité.
France 24, jen 2024.
Lucien, G. E. (2024, 20 desanm). Les rencontres du documentaire en Haiti. Ayibopost.
Rapò enstitisyonèl
Bureau Intégré des Nations Unies en Haiti (BINUH). (2024, Jiyè-septanm). Rapport trimestriel sur la situation des droits de l’homme en Haiti.
Conseil de Sécurité des Nations-Unies. (2023, 15 novanm).
Département des État-Américains. (2024, 25 jen). Déclaration du président Joe Biden sur le déploiment de la Mission Multinationale d’Appui à la Sécurité en Haiti.
Haiti PDNA, 2010.
Institut Haitien de Statistiques et d’Informatique (IHSI). Population totale, 18 ans et plus. (2015)
Mizik
Rousevelt, J. (2019). Mato
T vice. (2008). Grangou klowòks.
Djakout Mizik. (2008). Bri Sapat.
KEB. (2015) Yo pa inosan nan Pwennfèpa.
[1] Nan resansman IHSI fè nan ane 2015 fè konnen depatman Lwès ki genyen yon sipèfisi 4 982.56 km2 genyen plis pase 4 milyon moun k ap viv ladan l. Pou depatman Latibonit ki vini an dezyèm avèk yon sipèfisi 4 886.94 km2, li genyen prèske 2 milyon moun.
[2] Nan yon rapò ki te pibliye nan dat 15 septanb 2023 apre travay yon gwoup ekspè nan sekirite Nasyonzini te fè sou Ayiti, yo fè konnen se sitou nan ane 2018 yo ganng yo vrèman miltipliye nan peyi a nan yon nivo kote an 2023 yo te estime a anviwon 200.
[3] Dat sa make gwo leve kanpe sou gouvènman Moïse/Lafontan an ki pote non Mouvman Peyilòk. Yon mouvman ki ta pral pran chè apre pouvwa an plas la te fè deklarasyon li pral ogmante pri gaz la.
[4] Arnel Joseph se youn nan chèf ganng puisan ki te gen bon relasyon ak plizyè pèsonalite politik. Li te enplike nan anpil ka kidnapin ak trafik dwòg. Se li menm ki kòmanse ak pratik bloke Matisan. Enfòmasyon te fè konnen li te konn pale ak Henry Céant, premye minis sou prezidan Jovenel Moïse. Li te genyen bon relasyon ak ansyen senatè Latibonit la, Gracia Delva. Apre lapolis te arete Arnel epi fèmen l nan prizon Kwadèboukè, li ta pral soti apre prizon te kraze nan dat 24 fevriye 2021. Li mouri 26 Fevriye nan zòn Lestè pandan li t ap tante sove.
[5] BINUH, (Jiyè-septanm 2024). Rapport trimestriel sur la situation des droits de l’homme en Haiti. Rapò sa se yon rapò trimestriyèl BINUH toujou soti sou evolisyon sitiyasyon dwa moun nan peyi a.
[6] Ibidem
[7] Claude Joseph se yon politisyen tandans PHTK, ansyen militan 2004 li te nan gwoup 184. Li te minis sou Jovnel Moïse. Non li te site anpil nan sasinay prezidan an, men sa pa anpeche li reklame tèt li kòm Jovnelis. Pou kounye a l ap dirije EDE, yon pati politik ki fenk fòme nan peyi a ki rete youn nan diferan boujon tèt kale yo. M. Joseph se yon alye Laurent Lamothe.
[8] Guy Philippe se chèf gwoup milis 2004 ki t ap simen latèrè nan tout kwen nan peyi a. Boujwazi lokal la, pou te rive akselere depa Jean Bertrand Aristide, te apiye sou li pou kapab fè yon seri mouvman ame nan kèk vil pwovens tankou Grandans ak Gonayiv. Li te di li t ap batay pou yon lòt endepandans an 2004, 20 lane apre li pote diskou revolisyon an epi ganng yo pral adopte l. Gouvènman meriken an te arete l apre li te fin eli senatè pou trafik dwòg epi li te plede koupab. Nan janvye 2024 la yo libere l. Tousuit apre se menm li menm ki vin yon chèf enkonteste nan batay politik anndan peyi a nan alye ak gwoup kriminèl Viv ansanm yo.
[9] Le Moniteur, Décret portant création du Conseil Présidentiel de Transition, vandredi 12 avril 2024.
[10] Alòs, pou listwa, ofisyèlman se gouvènman Ariel Henry an ki te andose dosye sa pou premye fwa devan tribin Nasyonzini an pou Ayiti nan okazyon 77è asanble jeneral la. Se chanselye Jean Victor Généus ki te pote pawòl la. Men kòman jounal Rezo Nòdwès te fè soti yon tit 25 janvye 2024 la « Après 220 ans d’independance, le « conze » Jean Victor Généus soutient l’Occupation du territoire haitien au profit de Ariel Henry ».
[11] France 24, jen 2024.
[12] Département des État-Américains, Déclaration du président Joe Biden sur le déploiment de la Mission Multinationale d’Appui à la Sécurité en Haiti, 25 jen 2024.
[13] Ibidem.
[14] ONU, Le déploiement d’un premier contingent de la Mission multinationale d’appui à la sécurité salué au conseil de sécurité, 3 jiyè 2024.
[15] Charles, Louis, Le rapport d’enquête de la FJKL sur le massacre de Pont-Sondé critique les responsables de l’État, Le Nouvelliste, 14 oktòb 2024.
[16] RHINEWS, Échec de l’opération policière à Village de Dieu : Les bandits n’ont pas été délogés, aucune arrestation, aucune arme saisie. 4 desanm 2020.
[17] N ap pale yon pratik ki sistematik ann Ayiti nan chak leve kanpe popilasyon an nan divès moman. Wendell Théodore, jounalis vedèt emisyon Le point sou Radio Télé Métropole pat ezite kenbe menm naratif sa sou mouvman popilè yo nan rale yon deklarasyon Moïse Jean Charles pou di se yon apèl pou vyolans, Jean Fils-Aimé ki te envite nan moman te oblije montre anje pati pri jounalis la pou montre tout lejitimite aksyon mas popilè yo nan batay kont opresyon y ap sibi.
[18] Sabine Manigat, Haiti : renaitre ?, Capire, 20 oktòb 2022.
[19] Jackson Lafleur, La ville dans les luttes sociales en Haiti : le cycle métropolitain des mouvements sociaux (2017-2021).
[20] Haiti PDNA, 2010.
[21] 2008 karakterize yon moman gwo famin popilasyon an te bay non grangou klowòk ; 2009 se mobilizasyon pou ogmantasyon salè minimòn ak revandikasyon kont vag revokasyon rejim Préval la nan enstitisyon piblik yo. Genyen 2 konpozisyon mizikal ki tradui evènman sa : Bri sapat, Djakout Minik ; Klowòks la, T vice.
[22] Nou prete tèm sa nan men Sophie Perchellet ki te antre nan deba pòs tranbleman tè ki t ap pale sou rekonstriksyon Ayiti a. Perchellet avanse tèz rekonstriksyon an pa sèlman fizik, men tou li nan yon lòt oryantasyon politik ak ekonomik peyi a. Li dwe enstore yon koupe fache ak politik nouvèl òd mondyal la ki kenbe peyi a sou depandans li.
[23] Magalie Civil, sosyològ, te mennen yon rechèch ki pote tit Une analyse sociologique du phénomène peyilòk en Haïti. Yon travay ki montre mouvman peyilòk la kontrèman ak sa medya lokal ak entènasyonal yo vle fè parèt ki se aspè vyolans lan, se repons konkrè ak yon pwoblèm konkrè mas popilè yo t ap viv. Se yon fòm pwotestasyon ki emèje nan yon kontèks presi ki mande yon analiz avanse sou sa ki t ap pase yo. Li te sitou yon ralbòl popilasyon an kont rejim PHTK ki pa t janm okipe yo nan diferan pwotestasyon yo t ap fè epi ki ta pral chavire apre gouvènman di l ap ogmante pri gaz la 6 jiyè 2018.
[24] Yon moun ki enterese kapab tounen nan dokiman Raoul Peck la L’assistance mortelle pou wè tout tansyon ki te egziste ant aktè lokal yo ak aktè entènasyonal yo, epi gade kòman prezidan Préval ak premye minis Bellerive t ap plenyen pou jan Clinton ak rès etranje yo konsantre tout pouvwa desizyon yo nan men yo.
[25] Jake Johnston, Ce que révèlent les émails de Clinton sur l’éléction de Marthelly en 2010, Le Nouvelliste, septanm 2016.
[26] KEB, Yo pa inosan nan Pwennfèpa, 2015.
[27] Cyprien, G. (2005, 29 septanm). Réalités de l’énergie pétrolière en Haïti et suggestions. Le Nouvelliste.
[28] Banque Mondiale, 6 novanm 2024. Nou dwe presize nou gen tout rezèv nou sou rapò enstitisyon entènasyona yo paske, si y ap plede rale chif pou jistifye povrete peyi a, men yo toujou kache responsabilite istorik yo genyen nan kreyen move kondisyon sila yo.
[29] Nou bay an referans rapò ULCC yo ak fim dokimantè L’assistance mortelle Raoul Peck la.
[30] Tòl wouj la nou ta ka di se egzanp tipik ak ekspresyon ki pi avanse nan sans sa. Martelly ak Lamothe te rive kouwonnen plas piblik yo ak kèk enstitisyon ak tòl wouj pou fè konnen y ap rekonstui. Poutan anyen pa t ap regle vre. Gen kèk fwa, nan mobilizasyon yo popilasyon an kraze yo epi pral rive dekouvri veritab manti ki kache dèyè yo. Gouvènman te tou pote non tòl woul pou di li chita sou manti. Si yon moun di w tòl wouj tou li vle di ou pa serye.
[31] Pwofesè Georges Eddy Lucien fè yon bèl avanse sou konsèp sa. Nan yon emisyon sou Ayibopost li eseye gade istorisite konsèp la epi nyanse sou li. Daprè li menm, si gen yon teritwa k ap pèdi, se menm teritwa sa k ap genyen. Pou n di yon lòt jan, si gen yon gwoup moun k ap pèdi teritwa ki se popilasyon an, gen yon lòt gwoup k ap genyen menm teritwa sa. Kounya li ta ka enteresan pou nou konnen pouki rezon ak nan lide ki pwojè. Sa ki vle di, teritwa pèdi a jwenn sans li parapò ak kote w kanpe, nan ki vizyon ou ye (Ayibopost, 20 desanm 2024. Les rencontres du documentaire en Haïti).
[32] Velipost, 13 desanm 2024.
[33] Frédéric Thomas nan tèks Soulèvements populaires. Points de vue du Sud, fè yon koutje jeneral sou mouvman popilè yo nan divès peyi sid apati 2018 yo. Sabine Manigat se moun ki gade mouvman popilè ann Ayiti yo nan liv sa.
[34] Petèt sa ta enpòtan pou nou mande pouki se konsa pwoblèm sa abòde ann Ayiti ak nan lòt peyi nan rejyon karayib la ki fè se mòd repons sa ki bay. Paske sistèm kapitalis la toujou pote repons ak kontradiksyon k ap travèse l yo an fonksyon peyi yo ak gwoup sosyal yo. Pou bay repons ak kriz Lewòp XIV-XVè syèk yo, li vini ak kesyon ras la yon fason pou bwote richès, jistifye jenosid ototòn yo epi redui an esklavaj moun nan kontinan afrik la pandan lakay yo politik klas la chita. Sa ki montre pètinans tèz Mbembe a ki repran Arendt lè li di modènite kapitalis la chita sou yon politik ras ki repati gwoup sosyal yo suivan koulè ak espas yo. Politològ afriken an mete akote konsèp Foucault a ki se « Niopolitique » ki ta ka di jesyon lavi, pou li vini ak « Nécropolitique » ki tradui politik lanmò. Kidonk pou Mbembe filozofi politik modènite a se yon jesyon lanmò. Se sak fè pwoblèm yo pa abòde menmjan suivan espas ak gwoup sosyal yo. Sa ki ka seye esplike sa k ap pase nan peyi a, men tou nan kèk peyi nan mwayen oryan tankou Palestin.
[35] Nou refere rapò Conseil de Sécurité des Nations-Unies ki pibliye 15 novanm 2023 pou plis detay.
[36] Nou ensiste yon lòt fwa sou analiz Lucien an sou konsèp sa.
[37]Ibid.
[38] Pwofesè Roland Bélizaire te souliye sa nan yon emisyon anliy li te patisipe ki pote non Le citoyen et la tité nan dat 28 septanm 2024 la.
[39] Ibid.
[40] Ibid.
[41] Ibid.
[42] Groupe d’experts des Nations-Unies, ibid.
[43] Repòtaj Jean Francois Bélanger, jounalis Radio Canada, jen 2024.
[44] CPD, Vant Bèf Info, 4 dedanm 2024, L’inquietante hausse des disparitions selon CPD ; Rezo Nòdwès, Disparitions des personnes à Port-au-Prince : CPD recquiert une visite du Groupe de travail des Nations-Unies sur les disparitions forcées ou volontaires, 4 desanm 2024, Fritznel Pierre.
[45] L’accumulation primitive, Le Capital, Livre I-Section VIII, Karl Marx.
[46] Nou dwe sonje ti moso pawòl sa listwa rapòte nou ki lakoz sasinay Desalin « E moun sa yo ki genyen zansèt yo ann Afrik la yo pa p jwenn anyen ? » Se yon deklarasyon ki te fèt nan kontèks dappiyanp oligak yo sou tè apre endepandans lan. Li tradui veritab anje klas sou keyon tè a istorikman epi diferan konsepsyon k ap batay tou sou espas la. Anil, nan atik Akawo, Goman, Desalin : twa lidè disparèt yon pwojè parèt (2008) fè konnen pwojè desalinyen an pat kanpe epi li pap janm kanpe toutan liberalism esklavajis la ap taye banda isit. Goman te ranmase l, Akawo te bouske l pi lwen men jounen jodi a gen nouvo menas sou lòt fòm ki vini tankou vag avanse politik neyoliberal yo ak lokipasyon enperyalis yo.
[47] Myrtha Gilbert, La guerre de basse intensité à Cité Soleil, 29 oktòb 2015.
[48] Louis-Juste (2009), ONG: ki gouvènman ou ye ?
[49] Ibid.
[50] Nou pa ezite refere nan sans sa kèk atik k apsouliye responsablite Lèzetazini nan kesyon mache zam nan peyi d’Ayiti ak nan Karayib la : Aude darnal, Les États-Unis responsables du trafic d’armes dans les Antilles françaises ?, Zist, 30 novanm 2024. www.zist.co/2024/11/30/les-etats-unis-responsables-du-trafic-d’armes-dans-les-antilles-francaises/ ; Widlore Mérancourt, Les armes des États-Unis alimentent l’insécurité en Haïti, Ayibopost, 20 septanm 2021, ayibopost.com/les-armes-des-etas-unis-alimentent-linsecurite-en-haiti/ ; 73% de trafic illégales d’armes à feu dans les Caraïbres proviennent des États-Unis, Haiti Progrès, 22 novanm 2024.
[51] Louis-Juste fè analiz nan ONG : ki gouvènman ou ye (2009) sou veritab politik k ap mennen ONG yo nan peyi a ki enskri nan nouvo estrateji kapital la pou kontwole sibjektivite endividi nan peyi Sid yo epi kase souverènte politik yo.